KAWA

KAWA

Share

Nearby schools & colleges

Love Harriet Tubman
Love Harriet Tubman

komamse Jodia aprann sa ou vle san ou pa deplase👉 www.kawacademy.com Nan Kaw Academy, nou nan yon misyon pou tranfòme lavi moun gras ak yon edikasyon ki aksesib.Nou konprann ke aksè a bon jan kalite edikasyon ka transfòme lavi ak louvri pòt pou anpil opòtinite. Vizyon nou se demokratize aprantisaj tout kote nan mond lan, kòmanse pa Ayiti, fè li aksesib pou tout moun, kèlkeswa kote yo abite, sitiyasyon ekonomik yo, oswa orijin yo.

06/04/2026

🚀 VIN YON PWOFESÈ NAN KAW ACADEMY! 📚✨

Ou gen konesans, eksperyans oswa yon metye ou metrize? Vin ede nou fòme, enspire epi transfòme lavi plizyè milye aprenan atravè kou ak fòmasyon ki gen enpak. Se opòtinite pafè pou pataje sa ou konnen pandan w ap kontribye nan devlopman pwofesyonèl kominote a.

🌟 Antre nan ekip pwofesè Kaw Academy yo pou:
✅ Pataje ekspètiz ou
✅ Enspire pwochen jenerasyon an
✅ Kontribye nan devlopman pwofesyonèl ann Ayiti
✅ Fòme lidè ak antreprenè demen yo

Nou kwè chak ekspè gen yon istwa, yon eksperyans ak yon konesans ki kapab chanje lavi yon lòt moun.

06/01/2026

Kòmanse ak yon kou GRATIS depi jodi a menm.

www.kawacademy.com

05/31/2026

🌷 BÒN FÈT AK TOU MANMAN 🌷

Manman yo se ewo ki pa mete kap, ki pa chèche louwanj, men ki toujou la lè nou bezwen yo.

Yon manman se premye moun ki kwè nan nou menm lè pèsonn lòt moun poko wè potansyèl nou. Li se premye pwofesè nou, premye konseye nou, premye sous lanmou nou. Li leve bonè, li dòmi ta, li fè sakrifis an silans, epi li toujou jwenn fason pou mete byennèt pitit li anvan pa li.

Jodi a se yon okazyon espesyal pou nou di tout manman yo mèsi. Mèsi pou tout priyè nou fè pou nou. Mèsi pou kouraj nou montre chak jou. Mèsi pou tout lanmou, pasyans ak fòs nou pataje ak fanmi nou.

Nou sonje tou manman ki pa avèk nou ankò fizikman, men ki kontinye viv nan souvni nou, nan valè yo te transmèt nou, ak nan mak lanmou yo kite nan kè nou.

💖 Pou tout manman yo, manman k ap leve pitit yo poukont yo, grann k ap jwe wòl manman, manman adoptif, ak tout fanm ki pran swen epi gide lòt moun tankou pitit pa yo, nou salye nou ak anpil respè ak admirasyon.

Kaw Academy swete tout manman yo yon bèl Fèt Manman ki chaje ak lanmou, lajwa, lapè ak anpil benediksyon. Nou apresye nou plis pase pawòl ka

Want your school to be the top-listed School/college in Seattle?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Telephone

Address


Seattle, WA
33023