TMM

TMM

Share

Photos from TMM's post 06/08/2026

📸🌊 ESCAPADE LAKAY – Soupwent Dimanch 7 Jen 2026🌊📸

Gen foto ki plis pase yon senp imaj. Yo kenbe emosyon, souri ak ti moman ki fè lavi a bèl. Lè m t ap gade moun yo jodi a Soupwent, sa ki te frape m plis se jan tout moun te sanble lage chay yo pou kèk moman. Timoun, jèn ak granmoun, chak moun te jwenn yon ti rezon pou souri.

Anba gwo chalè a, lanmè a te tankou yon refij. Gen moun ki t ap benyen, lòt yo t ap pran plezi sou Jetski, pandan anpil t ap jwi bon fwi lanmè yo bò rivaj la. Men sa ki te pi bèl la se te wè fanmi ak zanmi ap pase bon tan ansanm, ap pale, ap ri, epi ap kreye souvni ki pral rete lontan nan kè yo.

Kòm fotograf, mwen renmen pran bèl imaj, men sa ki touche m plis se istwa ki kache dèyè chak foto. Chak souri mwen te kaptire jodi a rakonte yon ti moso bonè, yon ti moman lapè nan mitan tout defi lavi a.

Foto sa yo se yon envitasyon pou nou sonje ke pafwa, sa nou bezwen an pa twò lwen. Yon ti briz lanmè, bon moun bò kote nou, epi kèk èdtan pou nou viv moman an ase pou fè kè a pi lejè.

✍🏾📸 Castor Vladimir Simon

05/31/2026

🌹 Bonne Fête des Mères à Manman Hélène Jean-Baptiste 🌹

Jodi a, nan okazyon Fèt Manman yo, plizyè gwoup Gonavyen yo ap rann yon omaj espesyal a Manman Hélène Jean-Baptiste, yon fanm vanyan ki depi lane 1981 ap travay avèk diyite ak kouraj nan Mache Bò Lala.

Pandan plis pase 45 lane, li te fè travay li ak onètete, detèminasyon ak lanmou pou fanmi li ak kominote a. Istwa li se yon sous enspirasyon pou anpil moun nan La Gonâve.

Nou pwofite okazyon sa a pou nou di l mèsi pou tout sakrifis li yo ak tout valè li kontinye transmèt atravè lavi li.

💐 Bonne Fête des Mères, Manman Hélène! Nou swete ou sante, benediksyon ak anpil lanmou.

❤️🌹💐 Partie 18

Want your business to be the top-listed Media Company in Orlando?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Telephone

Address


Orlando
Orlando, FL
WE678564