Jacmel POST
04/30/2026
Kap Ayisyen anba tansyon
Vil Cap-Haïtien ap fè fas ak yon gwo mouvman pwotestasyon popilè ki soti nan inondasyon repete ak move jesyon anviwònman an. Lapli ki pa sispann mete an evidans pwoblèm kanal bouche, fatra ak move eta wout yo, sa ki lakòz gwo difikilte pou popilasyon an.
Depi 27 avril 2026, manifestasyon yo ap ogmante, sitou nan antre sid vil la, kote baryè bloke sikilasyon epi lekòl ak aktivite ekonomik yo ralanti. Manifestan yo mande aksyon ijan: netwayaj kanal, prevansyon inondasyon, reparasyon wout, aksè ak elektrisite ak travay dirab.
Malgre vizit otorite yo ak pwomès entèvansyon nan drenaj, jesyon fatra ak enfrastrikti, sitiyasyon an rete sou tansyon, pandan popilasyon an ap tann aksyon konkrè.
04/16/2026
Jedi 16 Avril la yon Lòt fwa ankò Popilasyon Jakmèl manifeste pou mande otorite Sidès yo pran responsabilite yo pou rétabli Sekirite nan Segen. Jacmel POST
04/16/2026
Silans Leta a vin tounen konplisite” :
Majistra Marchand-Dessalines, Dunord Siléus, bay demisyon li.
Frè luckson zòn pa fè moun pran anpil kritik ,apré deklarasyonl nan dosye Ariana,anpil moun jije yo gen anpil ane ap edel,si yo pa edel yon jou pou yo te ede Ariana sa pata dwe bal problèm,yo trouvel se yon jalou ,apre deklarasyonl lan ,ki saw panse ?
04/16/2026
Enfliyansè panafrikanis la, Kemi Seba, ki anba manda arestasyon nan peyi Bénin ,paske yo akize li dèske li te sipòte tantativ koudeta ki te fèt nan mwa desanm nan, yo arete li nan peyi Afrique du Sud.
Lapolis lokal la anonse jedi a ke gen yon pwosedi ekstradisyon ki deja lanse kont li.
abòne ak Jacmel POST
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Website
Address
Orlando, FL