Rakousi
11/08/2024
Si pou lòt moun pitit s on pwa ki ka rale w desann, pou malere, li se richès. Zantray yo se miz pa yo nan jwèt aza sa ki gen ti non jwèt lavi a. E nan fen sware a, gen nan yo k ap bingo, sa k ap fè djapòt epi gen lòt ki, malerezman, p ap soti ak anyen.
Men sa ki sèten, kèlkeswa jan sa fini, e menmsi genyen k ap redi plis ke lòt, tout paran ap konnen menm tranchman vant yo, menm kè sote yo, menm traka yo nan levasyon pitit yo. Poutan yo pa sispann di nou bourik fè pitit se pou do l poze.
E si se aprè l fin fè pitit bourik te tanmen pote chay pou toutbon ?
Se avèk entèwogasyon sa n ap lanse konvèsasyon an jodi 8 novanm 2024 la nan Rakousi kote n ap resevwa , epi FRÈ ALEXIS pou vin echanje ak nou sou pawòl yo di nan yon mizik yo ki rele PENN YO VRÈ.
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
10/25/2024
Tout solitè nou ka solitè ta sanble se nan kanson nou, lasyans di noumenm moun nou gen yon ensten ‘grégaire’. Sa vle di, konsa konsa, san okenn rezon ki parèt aklè, lòm toujou ap chache rasanble youn ak lòt, fè regwoupman pou viv ansanm.
Anfèt, lòm se yon animal politik, Aristòt di. Se lè n an kominote nou rive epanouyi nou toutbon. Men sa pa anpeche tou nan anpil ka, lòm se bèt fewòs pou lòm parèy li, pou reprann Hobbes. Kidonk, si wi nou dwe konte youn sou lòt pou n viv, anpil fwa, nou ka konte sou dwèt sou kiyès nou ka konte. E pafwa se tèt nou ase.
Poukisa li enpòtan pou nou konte sèlman sou tèt nou ?
Se entèwogasyon sa a k ap nan mitan diskisyon yo jounen vandredi 25 oktòb la nan Rakousi kote n ap resevwa k ap vin echanje avèk nou sou pawòl li di nan yon mizik li ki rele « I NO GO PLAY ».
Rete konekte ak (facebook.com/rakousishow) epi (facebook.com/banjmedia) pou w pa rate emisyon sila a.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the establishment
Website
Address
Indianapolis, IN
46208
Opening Hours
| 4pm - 5pm |