Mirebalais Promo4
07/07/2026
MIREBALAIS PROMO4
Dat: 7 Jiyè 2026
Tit: Apèl pou transparans sou yon pwogram ankèt Ministè Sante Piblik
Gen plizyè enfòmasyon k ap sikile nan mitan popilasyon an ki fè konnen ekip depite Descoline Abel la ta chwazi kèk jèn pou patisipe nan yon travay ankèt pou Ministè Sante Piblik.
Daprè enfòmasyon sa yo, chak patisipan ta dwe resevwa yon montan 200,000 goud. Men, menm sous yo fè konnen ta gen anviwon 150,000 goud ki ta retire sou kantite lajan sa a, pandan sèlman rès la ta rive jwenn jèn yo ansanm ak sa yo prezante kòm frè patisipasyon nan fòmasyon an.
Jiskaprezan, enfòmasyon sa yo pa verifye endepandamman. Si yo ta konfime, sa ta mande yon ankèt serye ak transparan pou fè limyè sou fason lajan piblik la jere epi pou pwoteje dwa tout patisipan yo.
Nou mande otorite ki konsène yo pou verifye verasite enfòmasyon sa yo epi bay popilasyon an eksplikasyon ki klè ak dokiman ki pèmèt tout moun konprann kijan pwogram nan ap fonksyone.
N.b dwa repons
07/03/2026
Moun Mibalè k ap kouri pou bandi pa dwe tonbe anba abi ankò
Depi plis pase 16 mwa, anpil fanmi Mibalè ap viv nan ensekirite, sa ki fòse anpil moun kite kay yo pou chèche refij lòt kote. Sitiyasyon sa a lakoz popilasyon an ap viv nan laperèz ak ensètitid chak jou.
Imaj sa a sèvi kòm yon metafò pou ilistre santiman anpil sitwayen ki santi yo ant plizyè danje. Li eksprime enkyetid ke, lè moun ap chape anba vyolans gang yo, yo espere jwenn pwoteksyon ak respè nan men fòs leta.
Popilasyon an kontinye mande pou otorite yo ranfòse sekirite, pwoteje dwa tout sitwayen, epi fè tout entèvansyon yo nan respè lalwa ak diyite moun. Objektif la se pou chak moun kapab retounen lakay li an sekirite, san laperèz.
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Contact the business
Telephone
Website
Address
Boston, MA
02141