ReyaliteFanm

ReyaliteFanm

Partager

16/08/2023

Egal ,ego.
Nan sa ki rele respè pou tèt ou se yon aspè ou dwe travay lakay ou,rete onèt avek tèt ou se premye sa w dwe posede.
Depiw respekte tèt ou ,wap respekte moun ki nan vi w' la otomatik.

Respè, lwayote avek fidelite pa kesyon fanm selman men li se yon kesyon moun.
Fidèl andedan yon relasyon se pa selman pou respè moun avek li men se respè pou tèt ou.
Kidonk andedan yon koup pa mande sa w' pa pare pou w' ofri .
Tout fanm merite atansyon avek respè ,kreye tan pou moun ki nan vi w' la.

04/08/2023

Lè ou pa jwenn okenn moun edew pote chay lavi a madanm , pase men w' pran twa l desepsyon lavi a ,mare senti w ou nan konba.
Wi ou nan konba men ,konba sa se pa konba k'ap dire pou tout lavi w'

Anpil fwa gason pa reflechi se nou ki tap pran plezi epi se rezilta plezi a ki mennen yon lòt moun sou tè a ke li dwe pran responsabilite li.

Pa kriye paske li ale, aranjew fanm djanm paske ou nan konba ,se yon konba ak fyète ou pral mennen .
Ou se fòs pitit ou ,lè edikasyon se ou, tout depans se ou ,mande Bondye fòs lèw febli.
Konba pa piti men wap kontan pi devan.

Kouraj ak fanm sila yo ki nan yon model konba konsa .

21/06/2023

Fokis sou saw ka fè ,Nègès rete oumenm ,kreye pwòp idantitew .
Gen bagay depi yo wè li yo dwe panse avèk fanm djanm sa paske sa se domèn pa w'.

Li pa fasil pou rete avek orijinalite w' men ou kapab ,degajew pran plas ou ,pèsonn pap kreye youn pou ou .
Fyètew se fyète pa nou k'ap boustew chak jou Bondye mete.

Pa kite rèv ou tounen yon defi nan lavi w' men konbat chak jou ,fokis ou se sou tèt paw li dwe rete .
Valèw ap miltipliye chak jou k'ap pase.
Li lè,li tan pou mesye yo santi yo plis ke fyè lè se yo menm ki rive mari nou,gras avek nou yo rive papa.
Nou merite lanmou avek plis respè.

[email protected]
Carlah Cherisier

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Tabarre ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse


Tabarre
HT6123