Kite m Aprann

Kite m Aprann

Partager

20/01/2024

03/10/2023

Pou pwofesyonèl ki sot Ayiti ki gen diplòm ak eksperyans epi ki ap chache travay ki nan yon nivo entèmedyè Etazini, gen ti detay sa yo m ta renmen pataje.

1) Anpil esntitisyon itilize lojisyèl pou fè premye seleksyon an. Se w òdinatè ki analize fòm ou ranpli a ak CV w voye a. Sa vle w dwe itilize yon fòma standa pou CV Pou lojisyèl la kapte tout enfo yo epi w dwe itilize mo kle, sitou sa ki nan anons oswa deskripsyon travay la

2) Yo rele software sa yo Applicant Tracking Software (ATS) . Si w fè yon rechèch google “ATS friendly resume” pa egzanp w ap jwenn konsèy pou gen yon CV ki gen plis chans pase premye tou a.

3) Anpil konpayi peye moun fè rekritman pou yo e moun sa yo chache anpil sou LinkedIn ak Indeed. Donk asire w mete LinkedIn ou ajou epi mete w open to work. Mete CV W sou Indeed epi mete l ouvri pou moun ka jwenn li.

4) Toujou itilize mo kle sektè ak pozisyon w ap chache a paske se ak li moun ki ap chache moun yo ap sèvi tou. Konpetans kle yo pi enpòtan ke w seri detay. Jan pou yo kontakte w dwe disponib tou. Fòk gen w jan yo ka fè w mesaj jwenn ou tou.

5) Si w rete nan yon move katye li pa nesesè pou w mete l sou CV a si w vrèman bezwen travay la. Etid syantifik montre yo fè diskriminasyon sou sa. N ap kontinye batay pou sa chanje men pandan tan sa si w bezwen travay pou w viv w ka jere tou 2.

6) Si w abite lwen kote w vle travay la tou kite sa pou ou, pou apre. M temwen kote moun ap konpare aplikasyon epi y ap mande si jis kote moun sa rete a l pa p twò fatige lè l rive nan biwo a. Se email ou ki pi enpòtan nan premye faz la. W pa bezwen al rakonte lavi w twò bonè.

7) Pa neglije kontinye aprann anglè a, pwononsyasyon, gen pòs l ap difisil pou jwenn si gen anpil obstak nan pale ak ekri lang. Pa kouri pran twa ti job ki pa p ba w tan pou aprann lang lan. Pito w fè w ti enkonfòtab men w pran tan pou aprann lang lan.

😎 Pa sispann voye aplikasyon menm si l dekourajan. Statistik yo di se 10-20 aplikasyon pou jwenn yon interview . E si se pozisyon ki entèmedyè ki enterese w se omwen 3 interview nan menm konpayi a. Donk menn si w sou 2 e interview pou yon pòs w dwe kontinye ap aplike.

9) M swete nou tout pa abandone rèv nou e kontinye goumen pou li malgre gwo chanjman. Kenbe zanni nou ak fanmi n fò pou jou ki pi difisil yo. Fè spò, pran vitamin D, dòmi, tout bagay pi difisil lè kò w pa an sante. Kenbe kò a, kenbe moral la epi bon kouraj!

10) Pou m fini pa janm bliye wout lakay nou non plis. Se Ayisyen n ye! Si se pa t chwa w pou w la, yon jou w ap tounen lakay ou. Pwofite aprann, fè dekouvèt, rankontre moun, fè bon souvni an atandan. Jou a la! Kenbe fèm!
Credit:

17/09/2023

An nou al bal Love la ✅

Randevou pita 💛💜

04/08/2023

L'ex-président d’Haïti , Boniface Alexandre, est mort à 87 ans.

31/07/2023

La Journaliste Liliane Pierre-Paul est décédée ce lundi 31 juillet 2023. La présentatrice de la Radio Kiskeya est morte des suites d’une crise…

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Saint-Marc ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse


Saint-Marc
HT4310