Jean Roudo Gwo Dlo
03/03/2026
🚨 Rodrygo sera éloigné des terrains 6 à 7 mois !
Rodrygo Goes s’est rompu le ligament croisé antérieur (ACL), selon MARCA ❌
Cette blessure devrait le priver de la Coupe du Monde FIFA 2026 🇧🇷
28/02/2026
TEMPÊTE FC / F**A AC
🔵⚪ Tempête FC lanse seri kloti Chanpyona Nasyonal la ak yon viktwa enpòtan devan F**A.
Ekip Tempête FC la fè yon bon antre nan seri kloti Chanpyona Nasyonal Lig Ayisyèn nan apre li ranpòte yon viktwa 2-1 kont F**A, Samedi sa a nan Parc Antoine Levelt, devan sipòtè fidèl li yo.
Match la te kòmanse ak anpil entansite kote vizitè yo, F**A te rive siprann defans Tempête la byen bonè gras ak yon gòl Saint Jean Sandinio ki ouvri mak la nan 15e minit jwèt la. Men reyaksyon ekip Senmakwa a pa t pran tan pou rive.
Atakan Orelus Boutros kise yon nouvo jwè Ekip ble e blan te fè vini pandan fenèt lig la te pran responsablite yo sou zepòl li pou remete ekip li a 3 premye pwen posib la. Li egalize nan 38e minit, anvan li retounen depi nan kòmansman dezyèm mitan an pou make dezyèm gòl li nan 46e minit, sa ki bay Tempête FC avantaj definitif la.
Malgre plizyè tantativ sou toude bò yo pandan rès rankont la, defans Tempête FC a te rete solid pou konsève avantaj la jiskaske kout siflè final la. Viktwa sa a bay ekip la twa premye pwen enpòtan nan seri kloti chanpyona a.
Rankont sa a te gen yon siyifikasyon espesyal tou, paske li make premye match ofisyèl Charles Herold Jr kòm nouvo antrenè Tempête FC pou seri kloti a. Nouvo teknisyen an kòmanse misyon li ak yon rezilta pozitif ki deja bay espwa ak konfyans bay fanatik klèb la.
Ligue Haïtienne de Football — Seri Kloti
🏟️ Parc Antoine Levelt
Tempête FC 2-1 F**A
⚽ Saint Jean Sandinio (15’) — F**A
⚽ Orelus Boutros (38’, 46’) — Tempête FC
Avèk viktwa sa a, Tempête FC voye yon mesaj klè bay advèsè li yo epi montre li pare pou jwe yon gwo konpetisyon. Sipòtè yo deja ap reve yon seri kloti ki chaje ak bon pèfòmans ak rezilta pozitif. 🔵⚪🔥
✍️ARNILUS Jean-Roudo
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Jérusalem
Saint-Marc
73051