Authentic Brand

Authentic Brand

Partager

10/06/2026

52 lane aprè, Ayiti retounen nan Koupdimond.

Men istwa sa a pa pou jwè yo sèlman.
Se pou nou tout.

Se poutèt sa nou lanse , yon mouvman nasyonal ki envite chak Ayisyen, kit yo an Ayiti oswa nan dyaspora a, pou voye yon mesaj sipò bay Grenadye yo.

🎥 Kijan pou patisipe?

1️⃣ Anrejistre yon videyo vètikal ant 30 ak 60 segonn.

2️⃣ Kòmanse ak fraz sa a :
“Se jwèt pa m…”

3️⃣ Pataje yon mesaj fyète, espwa, lanmou oswa kouraj pou ekip nasyonal la.

4️⃣ Pibliye videyo a sou rezo sosyal ou yo an kolaborasyon ak nou ak hashtag . Oubyen voye videyo sa pou nou, n ap edit li e pataje l nan kolaborasyon ak ou.

Paske lè Ayiti ap jwe, nou tout nan jwèt la.

Se jwèt pa m.
Se jwèt pa nou.

Ann pote fòs nou bay Grenadye!

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


12, Rue Pacot
Port-au-Prince
6110