Pro-Vision
21/01/2026
Ayè prezidan Emmanuel Macron ki se prezidan Lafrans monte sou sèn nan Davos, Swis, avèk yon linèt solèy ki gen vè ble. Anpil moun Mande eske se bwòdè oubyen eske se yon pwoblem medikal grav li genyen. 👀
Daprè medya franse yo, Prezidan Macron gen yon emoraji sou conjonktival. Sityasyon sa konn fè kè moun kase anpil men anjeneral li pa danjere epi li geri pou kont li san okenn tretman espesyal.
Yon emoraji souconjonktival rive lè youn oswa plizyè tach san parèt sou pati blan je a. Konjonktiv la gen anpil ti veso san ki ka eklate fasil. Lè yo eklate , san an koule ant konjonktiv la ak esklera (blan je a). Se sa ki bay tach wouj klere ou wè anba je a tankou yon nap san🩸.
Anpil bagay ka lakòz emoraji sou konjonktival la nou ka site ladan yo: touse fò, etènye, fè gwo efò, oswa lòt aksyon ki ogmante presyon san nan venn yo pou yon ti moman. Ogmantasyon presyon sa a ka fè ti veso ki pi fen anba konjonktiv yo pete. Maladi tansyon wo se youn nan prensipal koz emoraji sou konjonktival ki rive san moun nan pa pran chòk nan je. Anpil moun ki gen pwoblem emostaz/ pwosesis pou kanpe san lè yon moun blese pi espoze pou genyen maladi sa.
Lot koz yo evidaman se lè moun nan resevwa yon Chòk oswa blesi nan je a.
Anpil moun te pran sa pou fè blag komkwa se ta madan Prezidan an ki bat li. Nap fini pou di w , wi sa te ka fèt men l pa oblije sa paske Menm fwote je a twò fò kapab kraze ti veso ki pi fen nan je yo epi bay Nap san sa ke nou rele Emoraji sou konjonktival la.
Selon gwosè tach la, li ka pran kèk jou oswa kèk semèn pou li disparèt nèt. Jeneral 15-21 jou. E w pa bezwen pran okenn medikaman pou l disparèt.
Si w te renmen ti ribrik sa kite n konnen. Na tounen avek li pou ou sou Paj la. Epi pa bliye like Paj la epi Pataje l.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Jérémie, Grand’Anse
Port-au-Prince
HT6110