Valéry Ricardi
13/06/2026
🥺🇭🇹❤️
03/06/2026
Sa m ap fè a pa sèlman fotografi, se yon pasyon ki makonnen ak anvi dekouvri tout richès inivè kreyatif la.
Mwen gen yon lanmou espesyal pou tout sa ki pote bote, emosyon ak enspirasyon.
Se poutèt sa mwen pran plezi nan chak flyer, chak imaj, chak pwojè mwen gen chans bay lavi. Pou mwen, chak kreyasyon se yon istwa, chak detay gen yon sans, epi chak vizyon merite egziste.
Mwen pa konnen si lanmou sa a ap dire pou tout tan, men yon sèl bagay mwen konnen: li vrè. E toutotan mwen santi l ap viv nan mwen, m ap kontinye kaptire moman yo, kreye emosyon, epi transfòme ide yo an reyalite.
An pasan... Bouboule pa konn bèl konsa non sheee 🤭😩❤️📸✨
Cp : Valéry Ricardi
18/05/2026
Gen jou kote m fè silans…
m chita ak nanm mwen,
m koute bri kè m .
M konn gade tèt mwen epi m di m son kreyasyon Bondye tise ak swen, ak limyè, feblès, fòs epil melanje yo ansanm.
Gen van ki soufle fò,
gen lapli ki mouye rèv mwen…
men mwen pa janm disparèt .
Mwen pliye pafwa .....mwen pa kase.
Mwen tonbe pafwa… men mwen toujou leve.
Chak mak sou kè m se yon istwa,
chak doulè se yon leson,
chak soupi se yon prèv ke mwen toujou la… toujou vivan ap espere , eseye .
E nan mitan tout sa,
mwen dekouvri yon gro kokennchenn verite ki senp men ki pwisan :
mwen dekouvri kem se yon ewo an silans.
Pa paske mwen sove mond lan,
men paske mwen pa kite mond lan kraze m.
Paske chak maten, mwen chwazi respire ankò,
chwazi kwè ankò,
chwazi mache… menm lè chemen an fènwa.
Mwen se yon flanm ki refize etenn,
yon espwa ki pa janm bouke leve.
E petèt…
se sa ki pi bèl viktwa a
rete kanpe,
kontinye viv,
malgre tout.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Croix Des Bouquets