Pierrin Talk
01/02/2024
Pou pwochen sòti emisyon sou , ekip la ap resevwa vandredi 2 fevriye a gitaris Toussaint Jimmy Kerby. Avèk li, nou pral pale de gwoup Nanm ki sot pase yon bèl ane 2023 sou sèn mizikal la epi ki demare ane 2024 la ak plizyè pèfòmans, pami yo festival Papjazz.
24/01/2024
Emisyon ki pase sou chak vandredi te resevwa 19 janvye pase a Erick Junior Fidelus. Animatè yo te diskite ak li sou yon fwa nimerik Wikitech ap òganize 10 fevriye pandan yo te tou pwofite pale sou kèk sijè enteresan. CP: Maxime Louissaint
11/01/2024
Emisyon PierrinTalk nan okazyon 14 lane depi yon gwo tranblemanntè te pase sou peyi a, ap resevwa vandredi 12 janvye sa, Doktè Boucicault Ricardo ak sekouris James Jean-Pierre ki pral pale de sekouris ak konpòtman moun dwe adopte nan moman pwoblèm tankou tranblemanntè. Randevou kase vandredi 12 janvye 2024 la a 5 è tapan sou Banj Média.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Port-au-Prince