Ado perrier
25/04/2026
Yo ka jije w selon zòn ou soti, yo ka mezire w selon kondisyon ou grandi ladan l, men Bondye pa konsilte orijin pou l akonpli desten. Avni w pa depann de katye w, ni de limit sosyete mete sou ou, li depann de Bondye ki rele sa ki pa egziste yo tankou si yo te deja egziste.
David te soti dèyè mouton, Bondye fè l wa. Joseph soti nan twou ak prizon, Bondye mennen l nan palè. Sa vle di kote w kòmanse pa deside kote w ap fini lè men Bondye sou lavi w.
Pa janm meprize tèt ou akoz kote ou soti, paske lè Bondye deside louvri yon chemen pou ou, pèsonn pa ka fèmen l. Avni w pa nan men zòn ou, li nan men Bondye.
Gen anpil moun jodi a ki pote tit pastè, men kestyon an se pa tit la… kestyon an se apèl la. Paske gen diferans ant moun Bondye voye ak moun ki voye tèt yo.
Jer23:1 di: “Malè pou pastè ki detwi epi gaye bann mouton mwen yo…”
Sa vle di, gen pastè ki pa rasanble… men ki gaye. Gen pastè ki pa geri… men ki blese.
Gen pastè k ap chèche lajan, k ap kouri dèyè dim ak ofrann, men yo bliye nanm yo. Yo ka pale bèl pawòl, men kè yo lwen Bondye. Se menm bagay Jesus Christ te denonse nan Matthieu 23 lè li t ap pale de ipokrit yo.
Men, gen yon lòt kategori… pastè ki vrè.
Sa yo pa pafè, men yo fidèl. Yo kriye pou pèp la nan sekrè, yo pote chay moun yo devan Bondye. Yo pa sèvi pou wè… yo sèvi paske yo renmen.
Jn 10:11 di: “Bon gadò a bay lavi li pou mouton li yo.”
Yon vrè pastè pare pou sakrifye tèt li pou sove lòt yo.
Se pou sa, ou menm ki nan legliz:
Pa gade aparans, pa gade pawòl sèlman… gade fwi yo.
Paske yon move rasin pap janm bay bon fwi.
E ou menm ki se pastè:
Sonje byen, se pa yon pozisyon… se yon responsabilite devan Bondye.
Yon jou, ou pral rann kont pou chak nanm Bondye te mete nan men ou.
Nan tan sa yo, li pa ase pou gen pastè… nou bezwen pastè selon kè Bondye.
➡️ 1 Pierre:3: “Pa domine sou moun yo, men se pou nou tounen modèl pou bann mouton an.”
Ke Bondye leve vrè gadò nan jenerasyon sa. 🙏
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Jeremie