Fanm Deside
17/04/2026
Pozisyon Fanm Deside sou AGRESYON ak BASTONAD 2 adolesan, Saïka Gracius 17 lane ak Kimberlie Celestin ki gen 16 an, nan lokalite Sivadye, Jakmèl
Fanm Deside ap denonse epi kondane gwo zak vyolans san parèy yon bouwo ki rele Wildor Vergin fè sou 2 jenn fi minè nan mwa novanm 2025, kote l pran plezi l ap maspinen yo ak yon gwo bout baton. Videyo sèn vyolans sa a k ap sikile sou rezo sosyal yo, montre bandi san fwa ni lwa Wildor mare 2 adolesant yo ansanm nan yon pye bwa epi l ap wonfle yo ak yon gwo bout planch pwès nan tout senti yo, avèk yon britalite okenn mo paka dekri. Nan ekspresyon vizaj ak nan chak jès krimnèl la,nou remake gen yon santiman fyète k ap degaje.
Sèn sa a se pa yon senp zak izole; se yon miwa ki pèmèt nou gade pòtre yon sosyete machis kote lavi fanm ak tifi pa vo anyen nan je anpil moun. Lè nou gade fason kriminèl sa a mare viktim yo nan yon pye bwa pou l ap defoule l sou yo ak gwo kout baton nan ren sèlman, nou wè fòs patriyaka ak vyolans sistemik k ap dechire peyi nou an pwofon anpil. Se yon kriz moral ki montre kijan yon kategori moun ap banalize vyolans sou fanm ak tifi. Fenomèn ki la jounen jodi a pouse moun yo pran plezi nan filme doulè lòt moun lage sou rezo sosyal yo pou fè l tounen yon espektak.
Sa ki pi revòltan nan sèn laterè sa a, se gwo konsekans zak sa ap genyen sou lavi ak kapasite fizyolojik viktim yo, sitou nan pati nan kò yo vakabon an bat yo a. Pandan viktim yo ap rele anba doulè ak dezespwa k ap koule nan vwa yo, gwo kriminèl la li menm ap jwi moman an ak yon kriyote ki depase konpreyansyon. Pou li menm, se yon eksplwa.
N ap kontinye mande otorite konsène yo Lapolis ak Lajistis pou fè tout mwayen posib yo pou mare Wildor Vergin ki al kache depi lè videyo sèn terib sa a pran lari a, mèkredi 15 avril 2026 la. N ap souliye tou yon pa enpòtan ki fèt nan dosye sa a, arestasyon madanm kriminèl la, Rebecca Saint Jean, yon konplis ki t ap tante sove.
Fanm Deside ap pwofite lanse yon apèl bay popilasyon an pou denonse epi pote sekou ak tout fanm ak tifi ki an danje, kap viktim vyolans anba bouwo ak kriminèl.
Pa wè, Pa tande , Pa pale, se pa yon solisyon!!!
Kòdinasyon Fanm Deside
15/04/2026
Pozisyon Fanm Deside sou atak bandi nan Segen.
14/04/2026
Fanm Deside se sent consternée suite au drame survenu le samedi 11 avril 2026 au site touristique et historique de la Citadelle Laferrière, ayant coûté la vie à plusieurs dizaines de personnes, notamment des jeunes.
Nous sommes aussi indignées de constater l’organisation d’une telle activité dans un lieu hautement symbolique de notre patrimoine sous le regard insouciant des autorités. Nous condamnons fermement la passivité des instances concernées face à ce genre d’activité où des jeunes s’adonnent à des scènes de débauche et s’amusent à dénigrer les femmes et les filles.
Ces comportements irrespectueux ne font aucunement honneur à la mémoire de nos ancêtres, au respect de la dignité humaine. Le manque de considération envers nos héros et héroïnes ainsi que la dégradation morale et symbolique de nos lieux historiques constituent une atteinte grave à notre identité collective et à notre héritage.
Nous appelons les autorités compétentes à :
•Établir les responsabilités sans complaisance ;
•Renforcer de toute urgence les mesures de sécurité dans les sites publics et touristiques ;
•Garantir que de tels événements ne se reproduisent plus.
Nous adressons nos sincères condoléances aux familles affectées par ce deuil. En ce moment de deuil national, nous invitons également au respect de la dignité des victimes ainsi qu’à la solidarité envers leurs proches.
30/03/2026
Fanm Deside dénonce la recrudescence des violences conjugales en Haïti
Fanm Deside exprime sa profonde indignation face à la montée alarmante des cas de féminicide à travers le pays. Ces derniers mois, plusieurs cas tragiques ont été enregistrés, entraînant des pertes en vies humaines dans des circonstances d’une brutalité inacceptable.
Le récent drame survenu le 27 mars 2026 au niveau de la 1re section communale Musac, commune de La Vallée de Jacmel, où une femme, du nom de Juny Jean Philippe née le 5 mars 1989 (37 ans), a été mortellement poignardée par son conjoint Jacques Joseph, illustre une fois de plus l’urgence de réagir face à la situation. L’auteur du crime est actuellement en fuite, ce qui renforce le sentiment d’impunité qui entoure trop souvent ces cas de féminicide. La victime laisse derrière elle 4 enfants, dont l'aîné est âgé de 17 ans. Parmi ces enfants, il faut le préciser, seuls les deux plus jeunes, âgés de 4 et de 2 ans, sont du bourreau.
Fanm Deside condamne avec la plus grande fermeté ces actes de violence et rappelle que rien, ni la jalousie, ni les conflits personnels, ne peut justifier une telle barbarie.
Face à l’urgence de l’heure, nous lançons un appel pressant aux autorités compétentes afin de :
•Prendre toutes les mesures nécessaires pour appréhender les auteurs de ces crimes ;
•Garantir que justice soit rendue aux victimes ;
•Renforcer les dispositifs de prévention et de protection des personnes vulnérables.
Nous encourageons également la population à s’engager activement dans la lutte contre les violences conjugales, en dénonçant ces actes, en portant assistance aux personnes en danger et en promouvant des relations basées sur le respect et la dignité.
Fanm Deside réaffirme son engagement à défendre les droits des femmes et à œuvrer pour une société plus juste, où la violence n’a pas sa place.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l’organisation
Téléphone
Site Web
Adresse
Jacmel
9110