AJmand

AJmand

Partager

Photos from AJmand's post 09/04/2024

« Renforcement des salles de classe de l’école presbytérale de Saint Jean Baptiste sise à la 5ème section communale de Marbial »

Nan sousi pou redinamize «l’école presbytérale de Saint Jean Baptiste », nan 5èm seksyon kominal Mabyal espesyalman nan lokalite Kajèn, « Association des Jeunes de Marbial pour un Nouveau Développement (AJMAND) » ap chèche ak mobilize mwayen pou ranfòse sal klas yo, pou pèmèt ekolye yo aprann nan yon anviwònman ki pi favorab e adapte.

Lekòl sa a ap fòme timoun soti nan preskolè pou rive nan 6èm ane fondamantal. Li te fè 3 lane kanpe, ki te mete paran yo nan gwo pwoblèm pou mennen timoun k ap viv nan lokalite a al lekòl byen lwen. Ak sipò AJMAND, lekòl la te relanse nan lane 2021 e li kontinye fè chimen li.

Pwojè sa a ap pèmèt nou konstwi 3 nouvo sal byen ayere e endepandan k ap fasilite enstititè yo pi byen enstwi ak fòme ekolye yo pou ane k ap vini an.

Timoun yo se avni PEYI a.

Kontribisyon tout moun konte ! Ou kapab kontribye ak nenpòt montan.
An n mete men ansanm pou nou pi byen edike ti moun yo k ap viv nan lokalite KAJÈN nan.

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Jacmel ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Jacmel