IntegralMedia
EMISSION MOMENT DE PRIERE
Mercredi 10 Juin 2026 | 12h PM
Contact : +1 (302) 531-8708
D’JPromo
LIVE PALE POU'N CHANJE 09 JUIN 2026
Prezidan asosyasyon Majistra Latibonit yo GUEILLANT DORCINVIL pote bon jan presizyon sou distribisyon kit odyovizyèl gouvènman an distribye nan depatman Latibonit lan nan okazyon patisipasyon Ayiti nan Mondyal la.
Nan yon entèvyou li bay ak IntegralMedia Madi 9 Jen 2026 la, Majistra DORCINVIL konsyan ke sa pap sifi men li rete kwè sa ap pèmèt moun ki nan zòn rekile yo jwenn posiblite pou gade epi chofe peyi yo ki retounen sou sèn pi gwo konpetisyon foutbòl nan mond lan aprè 52 lane.
Asosyasyon Majistra yo nan latibonit fè distribisyon kit odyovizyèl bay divès Majistra nan 17 Komin nan depatman an Madi 9 Jen 2026 la pou pèmèt popilasyon an gade match Seleksyon Ayisyèn foutbòl la nan mondyal.
Direktè Jeneral Meri Saint Michel de l’Attalaye la Jean Claude Derard ki te vin resevwa kit pou komin pa li a te pwofite remèsye otorite yo ki panse ak popilasyon nan zòn rekile yo pandan li swete Seleksyon Ayisyèb foutbòl la ap rive nan mondyal la.
Yon rezime IntegralMedia 🎥
JOUNAL VERITE SOU TANBOU 08 JUIN 2026
Kwòdonatè espas refleksyon ak aksyon sitwayen an ( ERAC) Pwofesè Caristhène Fleurmond deklare Premye minis Alix Didier Fils Aimé kite kad legal yo lè li deside modifye lwa elektoral la , aloske se yon bagay ki nan atribisyon konsèy elektoral pwovizwa a.
Pwofesè Caristhène rete kwè se wout raje Premye minis lan vle fè paske li pa gen akenn volonte pou òganize eleksyon yo.
Kwòdonatè ERAC la deklare pa gen okenn possibilité pou òganize eleksyon nan peyi a si pwoblèm ensekirite pa rezoud.
Pwofesè Caristhène Fleurmond te devan kamera IntégralMedia
🎥 Sully Wallens IntegralMedia
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l'entreprise
Téléphone
Site Web
Adresse
Gonaïves
4110