Phadel

Phadel

Partager

10/04/2023

3 L🔥(Lavi🤗 Lanmou😍Lanmò😭)

Se yon FEYTON ki ekri pa PHADEL⚡ Ladanl wap konn plis sou LAVI,LANMOU e LANMÒ......... Ladanl wap fini pa wè bon kote mal yo e wap aprann anpil...

Tèl & Whatsap:+509 3234-6661
Facebook: Phadel
Instagram: Phadel_77
YouTube: Phadel Og
Twitter: Phadel
Al abonné⚡

EPIZÒD 37

🔥MEN YON TI REZIME DE EPIZÒD 36 LA🔥........ Lawus di lap ede Phadel nan pwojè li menm ak Thamie an, Aprè Dona fin fè 3 minit ap pale ak Ti Dezòd li rannkont ke Ti Dezòd pa twò mechan pase sa e li ta apresye fasèt sa Ti Dezòd te prezante l la, Rankont Daphnie ak Ti Dezòd la te fini sou kabann e aprè Daphnie te fin dévoilé Ti Dezòd santimanl gen pou li, Daphnie te sezi aprann nan bouch Ti Dezòd kel se ti sè Phedoo, Pandan Jine fin pèdi nan panse ak moman li menm ak Klark, Jine te pran telefòn li poul te rele Ti Dezòd🔥

👉🏾 Se Ti Poze Jine te jwenn, li di Ti Poze pandan lap kriye😭

JINE: Klark mouriii😭 yo apèn sot tire Klark😭😭

👉🏾Lè Ti Poze tande Jine di sa li seziii😨😳 rapid li di...

TI POZE: Sa w dim laaa?😨

JINE: Sa pase talè a pandan mwen ansanm avèk li😭

TI POZE: Mpoko janm ka kwè bagay sa😳...... E ou kote w ye la ?

JINE: Lakay mwen.🥹

TI POZE: Kote w rete?....... voye adrès la pou mwen pa SMS sou nimewo sa svp

JINE: ok😢

👉🏾Tousuit Ti Poze fin pale ak Jine, Thamie kouri mandel kisa ki genyen....... Ti Poze di Thamie lap eksplikel tout bagay talè, konnya li pral eseye konn plis de bagay sa a epi li rakwochte.

👉🏾Jine voye adrès la pou Ti Poze, e rapid Ti Poze pran direksyon lakay Jine...🏃🏾‍♂️

👉🏾Daphnie tèlman sezii😳 lèl tande Ti Dezòd di li konnen ke Daphnie ak Phedoo se 2 sè....... rapid Daphnie chita, epi li di Ti Dezòd avèk yon lè etònman🤔

DAPHNIE: Sa vle di ou te konnen trè byen ke mwen ak Phedoo se 2 sè...... Poukisa w te chwazi fè silans pandan tout tan sa a🤔

TI DEZÒD: M retounen w kesyon an !😊

DAPHNIE: Ou vle m baw yon repons sensè?

TI DEZÒD: Si w vle, pa santi w oblije🙋🏾‍♂️....... Paske si w vle kontinye jwe jwèt la toujou, mpa gen pwoblèm non moa🤷🏾‍♂️

👉🏾Lè Daphnie tande Ti Dezòd di sa, li di Ti Dezòd tou triste😒

DAPHNIE: Han, se yon jwèt mwen te ye pou ou la a😟

👉🏾Ti Dezòd panse ak lè Dona sot dil monstre talè a🤔 li anvi kite vi monstre lan dèyè li....... li santi sa lap di Daphnie ka brize Daphnie en mille moso donk poul evite sa, li di Daphnie

TI DEZÒD: Non, se jis yon façon de parler, pa panse yon bagay konsa🙋🏾‍♂️...... Ou pa tip de fanm yon nèg ka pran pou jwèt ou twò bèl e ou gen twòp kalite nan ou.😊

👉🏾Tousuit Daphnie di Ti Dezòd...

DAPHNIE: Sa kòmanse pandanm sot sou Phedoo ap kriye e sa te vrèman fèm mal donk mwen te fini pa dekouvri ke se ou kite koz sa....... Tousuit yon anvi fèw kriye tou monte nan tèt mwen, men à la fin ou arive bat mwen nan pwòp jwèt mwen🤦🏾‍♀️

TI DEZÒD: Ou pa dwe m pyès eksplikasyon....... Dayè mwen konprann ou, se pwòp sèw ou te anvi vanje🙋🏾‍♂️

👉🏾Daphnie gade Ti Dezòd, epi li dil...

DAPHNIE: Si w te gentan au courant de tout bagay, sa vle di mwen te just yon défi à relever pou ou... pa vre? 🤔

TI DEZÒD: Ou te plus ke sa, anfèt ou gen anpil bagay lakay ou mwen apresye🙂....... Ou ka fyè wi koz ou te arive fè dlo kouri nan jem menm pa rele sa kriye koz se ak kè kontan se pa soufrans.😊

DAPHNIE: M pat vle pou sa te kòmanse antre nou...... Men konnya se mwen ki pa vle pou sa fini🥹

TI DEZÒD: Depi se manti ki baz nenpòt bagay, li voué à l'échec💯...... Donk depi avan sa te kòmanse li te deja fini, nap juste admèt sa e nap pran yon desizyon entelijan🤷🏾‍♂️

👉🏾Daphnie siye jel, epi li di Ti Dezòd...

DAPHNIE: Pou janm wèw ye, gen yon moun sou tè sa ou pa anvi pèdi ?🤔

👉🏾Lè Ti Dezòd tande Daphnie pozel kesyon sa a, li fon ti panse ak Dona🤔 aprè li di Daphnie en souriant🥰

TI DEZÒD: Wiii🥰.... E sak pi dwòl la, li poko menm pou mwen😊

DAPHNIE: Antouka mwen swete God la bali ase de fyèl...... paske sipòte w pa yon bagay ki fasil😊

👉🏾Ti Dezòd souri😊 epi li di Daphnie...

TI DEZÒD: M dezole sim te arive fèw kwè nan yon bagay ki pa vrè.......anfèt, mwen twouve yon moun nan ou kem vrèman apresye.😊

DAPHNIE: T'inquiète pas🙋🏾‍♂️..... Souvent une fausse joie vaut mieux qu'une tristesse dont la cause est vraie.💯😊

👉🏾Mesye dam yo echanje yon dènye baisé😘...... yo abiye puis yo ale lakay yo 🚶🏾‍♂️🚶🏾‍♀️....... (epi sa w tande a nan tèt pa yo, pa gen NOU ankò)

👉🏾Pandan Edson Yp ap fè ti romans ak mennaj li, li di Edson...

MERLOO: Pandan map viv yon joie immense, mwen gen yon bon zanmi m kap benyen nan yon move chagrin😒...... M anvi edel mpa wè kòman🤦🏾‍♀️

EDSON YP: Une fille ?

MERLOO: Oui... Un idiot a brisé son coeur😡

EDSON YP: Dis lui qu'elle ne doit jamais oublier que tout est éphémère dans la vie, alors on ne sera jamais trop joyeux dans le bonheur, ni trop triste dans le chagrin💯🏌🏾‍♂️ tout a une fin, même l'enfer🔥

MERLOO: Tu es sûr ?

EDSON YP: Oui...... Il n'y a pas de longue journée qui ne se termine par une nuit.💯🧏🏾‍♂️...... Elle doit rester forte et positive !

👉🏾Merloo fè yon ti reflechi sou sa Edson Yp di a🤔 aprè li dil...

MERLOO: M gen enpresyon lanmou fè moun plis kriye ke l fè moun riir🤔

EDSON YP: Lanmou bèl wi bb, se nou menm ki lèd😊...... Imajine ou rankontre yon moun ki gen menm nivo lwayote avè w🤔

MERLOO: Si pam nan pat pi depase paw la😄 mtap ka di w mwen pa bezwen imajine sa paske map viv li🥰

EDSON YP: Hoo bby, mpa kwè gen yon moun ki lwayal pase m non😌...... Se pi gwo defo m😁

MERLOO: Han ou rele sa defo chr ?😊

EDSON YP: Dèfwa map poze tèt mwen kesyon, map mande èske m pa renmen w twòp?😄

MERLOO: 🥰 Victor Hugo di: "lanmou tap yon byen siprèm si nou te mouri lè nou renmen yon moun twòp"😄

EDSON YP: Si pawòl sa te verite🤔 depi lè jem te tonbe sou ou a mtap santim pa byen, mtap pèdi kontwòl tout sans mwen lè w souri e mtap soud lèm tande son vwa w, mtap pran direksyon sèkèy lè bouch mwen te kole ak bouch ou🥰...... Men mtap resisite lèm te tande w dim ou renmenm, paske LAVI m tap gen yon lòt mèt gras ak LANMOU e menm LANMÒ tap yon stil de vie pou mwen🥰

👉🏾Merloo santi cœur li vibre🥰

👉🏾Lè Ti Poze rive nan adrès Jine te voye pou li a, li bay Jine yon apèl...

JINE: Alo📞

TI POZE: Mwen deyò a wii

JINE: Ok map vini...

👉🏾Aprè 2 minutes, Jine vin kote Ti Poze deyò a...... Li dil

TI POZE: Mwen pansem tap pèdi wii😊

👉🏾Jine reponn li ak yon souri triste...

JINE: Jan adrès sa fasil sa a🙂....... Se ou ki Ti Dezòd la?

👉🏾Ti Poze ki vle konnen tout istwa nan tout entegrite l........ Li pa reponn kesyon Jine lan, li oblije di Jine

TI POZE: Depi talè a ou fèm santi yon lafimen cho kap soti nan zòrèy mwen e anndan vant mwen se goudougou tou 2 pye m ap tranble...

JINE: Ann antre pitit...

👉🏾Jine ap antre ak Ti Poze lap plede gade agoch, adwat, dèyè...... Rapid Ti Poze remake sa, li di Jine

TI POZE: Pouki tout bagay sa yo?🤷🏾‍♂️..... Di m non, ou annafè ak kèk move moun?🤔

JINE: Lè m rive anndan map eksplike w..... Ann antre👫

👉🏾Yo antre anndan an, Jine mete Ti Poze chita epi li dil...

JINE: Avanm kòmanse, kite m diw ke prezans ou la sèlman mete lavim ak tout fanmi m en danger....... Esi m ka pral pale avèw de dosye sa se paske map respekte volonte Klark😭

TI POZE: Kòmansa, eksplikem non🤷🏾‍♂️ paskem pa konprann anyen ditou....... Epitou kote w jwenn ak bagay sa ou te dim sou Klark talè a, kisa Klark ye w?

JINE: Klark te mennaj mwen.

👉🏾Lè Ti Poze tande Jine anplwaye mo "TE" a e lèl gade ekspresyon vizaj Jine, li santil vibre kote li chita a😳...... Tousuit Jine kouri di l

JINE: E sam te di w talè a se yon bagay ki serye...... Mpa tap janm fè blag ak yon bagay konsa🥹...... Klark te reprezante tout lavi m😭

TI POZE: Sa vle di laa, yo tire Klark..... Klark mourii😳

👉🏾Pandan Jine ap kriye li di Ti Poze...

JINE: Wii😭 sak pi dwòl la se devanm... Se nan 2 menm souf li koupe😭😭😭

👉🏾Lè Ti Poze tande Jine di sa li seziii😳😨..... Tousuit li di Jine

TI POZE: Jiskensi m poko ka kwè bagay sa a😳...... Eksplike m kòman sa te pase, rakontem tout istwa a.

👉🏾Jine eksplike Ti Poze tout istwa a, men Ti Poze pa di Jine kiyès li ye en réalité..... Jine menm panse ke se ak Ti Dezòd lap pale

👉🏾Pandan Dona ap manje, li tande telefòn li sonnen, lèl gade li wè se Ti Dezòd ki rele...... Li souri😊 aprè li pran apèl la epi li di

DONA: Ou rele m move lè ti gason😊

👉🏾Ti Dezòd tande son vwa Dona e rapid li tou konprann ke se manje Dona ap manje...... Li di Dona

TI DEZÒD: Ou pa bezwen ofrim non, mpa vle....... paskem pa manje mayi moulen ak siwo😊

👉🏾Lè Dona tande Ti Dezòd di sa li kase yon gwo kout riir😄😂...... Epi tousuit li di Ti Dezòd

DONA: Ala ti gason radi papa😄😄 bon kijan w fè malkadi konsa ou menm ti nèg?😄

TI DEZÒD: Depi lèm rekonèt ou a wii mwen santim konsa?😄

DONA: Ou dwe m 3 zoklo tande🙋🏾‍♀️

👉🏾Ti Dezòd fè tankou li etone epi li di Dona

TI DEZÒD: Bon nou poko menm renmen ou gentan anvi banm zoklo😳..... Têt chaje🙆🏾‍♂️🙆🏾‍♂️

👉🏾Dona pa di anyen..... Aprè 10 secondes li di Ti Dezòd

DONA: Ee gade, ou pa pran nouvèl zanmi w lan?

TI DEZÒD: Ki zanmi?

DONA: Klark...

TI DEZÒD: Non... men lèm dil ou mande pou li lap kontan anpil😊

👉🏾Dona di Ti Dezòd byen seryez...

DONA: I don't know poukisa🤦🏾‍♀️ men d'un seul coup l'esprit m frape sou li💁🏾‍♀️

TI DEZÒD: Ou kwè se pa paske m mentionné mo renmen nan sam diw la ki koz sa?

DONA: NON..... Quelle idée😊

TI DEZÒD: M santi w renmen bay moun anpil valè🤔

DONA: Wii, m renmen trete tout moun tankou moun menmke yo souvan fini pa poignardé m kit se nan kè💖 oubyen nan do😒

TI DEZÒD: Se vre yo ka poignardé w men🤷🏾‍♂️ ou menm ou dwe konnen Ke w manke tèt ou respè lè w bay yon moun twòp valè💯🏌🏾‍♂️

DONA: EHH🤔 depi kilè nou te byen konsa, jiskaske pou wap banm konsèy?🤔

TI DEZÒD: Depi lè w te sispann reziste a😊

DONA: C'est du lasèktéisme et du lantranyisme😄

TI DEZÒD: Ou kwè nan destin tifi?🤔

DONA: Menm konnen mpa vrèman konnen sak rele konsa e ou ti gason?

TI DEZÒD: Wii mwen kwè nan li..... mpa konn grande chose sou li non, men mpanse ke li se sa kap rive w lè w pat atann ak sa a💯🔥

DONA: Parfois, j'ai l'impression que le destin me joué des mauvaise tours🤔...... j'ai même l'habitude de me questionner sur ma vie, je reste bloquer dans des illusions sans fin et dans la souffrance parce que c'est impossible de s'évader, pas d'échappatoire pour moi😒

TI DEZÒD: Peu importe la situation..... Ne renie pas ton histoire, Il faut trouver une façon de créer un chemin pour la venue des jours positifs!💯🔥

DONA: Hmmm

👉🏾Ti Dezòd ki vle chanje humeur Dona li dil...

TI DEZÒD: Manvi priye pou ou ankò wi, ou pa janm konnen, sa ka chanje pou ou wi😊

👉🏾Dona sonje fason Ti Dezòd te priye talè a, rapid li di en souriante...😄

DONA: M tap kontan anpil wii😄

👉🏾Rapid Ti Dezòd rakwochte........ Pandan Dona ap fin manje li tande pòt kay la frape, lè li ouvri li wè se Ti Dezòd, li seziii😳

👉🏾Pandan Jine ap eksplike Ti Poze soufrans lap andire yo, pou Ti Poze pote yon ti rekonfò pou Jine li di l...

TI POZE: Verite a sèke majorite moun wap rankontre nan lavi w kew vle ou pa à un certain moment lap fèw kriye lap fè w soufri consciemment ou inconsciemment🧏🏾‍♂️...... Konnya la ou menm se just antre anba vant moun ki vaut la peine, antre anba vant moun ki merite pou w soufri pou li🧏🏾‍♂️........ Nou ka di siw wap soufri jodi a se pat sa Klark te swete pou ou, mpat konnen si li te yon bon pitit ni yon bon frè e ni tou mpat konnen si li te yon bon mennaj menm sûr ak 100% kel te yon bon moun e yon bon zanmi, mte renmen l pou façon li bay zanmi tolerans ak lanmou😰

👉🏾Ti Poze anbwase Jine kap kriye😭 epi tousuit Jine santi ke pòt ouvri, Jine santi yon moun antre anndan an san frape ni di onè...... Lè Jine wè pòt la ouvri li gade kiyès ki antre san frape a, lè li wè se Phadel li seziii😳😨😨😳

TANN SUIT LA...

Vous voulez que votre entreprise soit Discothèque la plus cotée à Gonaïves ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Bienac
Gonaïves