HELP-Alumni

HELP-Alumni

Partager

29/11/2025

Agrikilti se nanm peyi Ayiti. Men malgre tout potansyèl li, sektè a toujou ap lite ak gwo defi : pwoblèm aksè mache, mank estrikti pou vann pwodiksyon yo, difikilte transpò, rekòt ki ap pèdi, yon sistèm komèsyal ki pa toujou bon pou enterè pwodiktè yo.

Se poutèt sa nou lanse yon fòmasyon sou entwodiksyon nan agribusiness. Fòmasyon sila a ap ede ou konprann baz sektè a, wòl chèn valè yo, epi ki jan ou kapab itilize agrikilti kòm yon zouti pou devlopman ekonomik.

👉 Si w vle konprann kijan agrikilti ka tounen yon opòtinite ekonomik reyèl, fòmasyon sa a se premye etap la.
👉 Rete branche pou ou kapab konnen plis sou fòmatè a.
👉Enskri sou lyen sa : https://forms.gle/WM4gYVjK9mj2PHGa7

Vous voulez que votre organisation soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse


Delmas