WES

WES

Partager

07/01/2026

Bonjou 🌞
Si w leve maten an san plan, jounen an ap dirije w.Si w leve ak yon objektif, se ou k ap dirije jounen an.
Swiv pou wè

06/01/2026

kijan pouw konn Mot de pass WiFi sou on laptop

Etap pa Etap (Avèk CMD)
1️⃣ Louvri CMD kòm Administratè

Peze Windows + R
Tape cmd
Peze Ctrl + Shift + Enter
Klike Yes

2️⃣ Wè lis tout Wi-Fi PC a sonje
Tape kòmand sa a netsh wlan show profiles

W ap wè non tout Wi-Fi yo (SSID) ki te konekte sou PC a.

3️⃣ Chwazi Wi-Fi ou vle a
Egzanp: si Wi-Fi a rele Digicel_4G
Tape : netsh wlan show profile name="Digicel_4G" key=clear

4️⃣ Chèche modpas la
Gade liy ki rele Key Content
Sa ki ekri apre li 👉 se modpas Wi-Fi a

Key Content : 12345678

al nan komantè a w'ap yo ex:.

05/01/2026

Anpil moun ap tann lajan pou yo kòmanse.
Men verite a senp 👉🏽 se projè ki kreye lajan, pa lajan ki kreye projè.
Si w gen lajan san vizyon → lajan an disparèt.
Si w gen vizyon san lajan → solisyon ap parèt.
Tout gwo siksè kòmanse ak:
On ide
On plan
On desizyon fò
Yo pa t tann tout bagay pafè.
Yo pa t tann kapital milyonè.
Yo te kòmanse ak sa yo te genyen, kote yo te ye a.
🚀 Lajan se rezilta:
disiplin
konsistans
aksyon chak jou
👉🏽 Si w gen on projè klè, lajan ap suiv.
👉🏽 Si w chita ap tann lajan, rèv la ka mouri.
Kesyon pou ou jodia:
Eske w ap tann lajan…
oswa w ap bati projè ki pral fòse lajan vin jwenn ou ?
Panse a sa.
Aji sou sa.
E pa janm abandone vizyon w.

03/01/2026

Tout moun ki reyisi nan lavi te kòmanse ak yon vizyon klè. Ou dwe konnen ki kote ou vle ale avan ou kòmanse. Pa tann okazyon parèt; kreye li. Vizyalize objektif ou, ekri yo, epi fè yon plan chak jou pou avanse pi pre yo.
Ki vizyon ou pou 2026 la?
Ekri li nan kòmantè anba a ”

03/01/2026

✴️DISIPLIN ✴️Rich vs Pòv

Moun ki vin rich pa pi entèlijan pase ou,
yo jis pi disipline pase ou.
Yo pa fè sa yo santi yo anvi fè
Yo fè sa yo dwe fè, menm lè yo pa anvi
📌 Disiplin > Motivasyon
📌 Motivasyon pase, disiplin rete
Si ou kontwole tan ou,ou ka kontwole lavi ou.
— Westech
Teknoloji • Astus • Mindset • Siksè
👉 Like si w dakò
👉 Commente “DISIPLIN” si w pare pou monte nivo a en 2026

03/01/2026

✴️CHANJE ABITID✴️2026
Si ou vle chanje lavi w, pa chèche fè plis lajan avan,
chèche chaje tèt ou ak bon abitid.
Moun ki echwe yo di: “Yon jou m ap reyisi”
Moun ki reyisi yo di: “Kisa m ap fè jodia pou m pi bon pase yè?”
Lavi w pa chanje ak chans,
li chanje ak desizyon ou pran chak jou.
Chanje abitid ou → chanje rezilta ou.
— Westech

Teknoloji • Astus • Mindset • Siksè
👉 Like & Share si pawòl yo Rive sou
👉 Commente “WI” si w pare pou chanje lavi w 2026 la

03/12/2025

OU gen yon iphone ki gen ID Ekri nou sou whatsapp36119437 pou jwenn solisyon an.profite rabais sou sevis yo pou desanm lan.

27/11/2025

Special carte debit Meru Ap komanse 28 Novanm pou rive 10 desanm. Ak selman 15$ wap gen on kat debit vityèl sou telefòn ou .
Wap ka achte sou tout sit avèl ,Shein ,Temu ,Alibaba ,Wap ka peye Abonman Netflix ,Wap ka booste page Facebook ,tiktok,instagram. RECHAJ MONCASH & Natcash . Siw Enterese klike sou lien ki nan premye komantè a.

Photos from WES's post 07/11/2025

Bon Routeur
Bon jan internet Rapid
Kenbe Anpil chaj
Wap bezwen selman 800gds Pou Jwenn paw la

Photos from WES's post 15/09/2025

Ekri nou pou pran paw la .
Whatsapp 50936119437

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse


Delmas 32
Delmas
HT6120