AMKAAyiti2019
03/11/2025
An Ayiti, tankou nan dyaspora a, dèy jwe yon wòl santral nan lavi Ayisyen, moun an jeneral. Antèman, veye, ak rityèl yo pa sèlman orevwa: yo se espas pou solidarite, pataj, ak rekonfò kolektif.
Sepandan, anpil Ayisyen k ap viv aletranje, oswa menm an Ayiti nan kontèks kriz, migrasyon, oswa enstabilite, pèdi moun yo renmen san yo pa kapab di orevwa. Absans rityèl, distans jewografik, ak izolasyon emosyonèl fè pwosesis dèy la pi difisil, souvan enkonplè.
Atravè GAWA ak emisyon Pwojektè, nou vle ofri yon espas pou gerizon senbolik ak kolektif, kote tout moun pral resevwa konsèy, pataje souvni yo, epi transfòme doulè an memwa vivan. Make dat 7 novanm nan, plis enfòmasyon ap vini nan semèn nan.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Contacter l’organisation
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
HT6125