Nouvleviv
22/08/2025
Image 🤏🏾
Nou leve vwa nou pou Wanderson Zamy
Yon lòt fwa ankò, se jenès la ki pran frap enjisitis nan men sistèm nan. Sa k rive Wanderson Zamy se pa yon aksidan, se rezilta yon leta ki pa pran responsabilite l, kote Ministè Edikasyon ansanm ak CPT kontinye fè neglijans, abi ak represyon.
Nou mande yon sèl bagay: Jistis!
Jistis pou Wanderson Zamy.
Jistis pou tout jèn ki viktim yon sistèm k ap touye avni yo.
Nou pa mande favè, nou mande dwa.
Nou pa mande silans, nou mande Jistis.
Jodi a, se Wanderson. Demen, se ka nenpòt nan nou.
Ann kanpe ansanm pou jistis.
Nou pa ka rete an silans devan enjisitis ak abi ki fèt sou non pèp la. Jèn Wanderson Zamy se viktim yon sistèm ki kontinye kraze rèv jenès ayisyèn lan. Ministè Edikasyon ansanm ak CPT ap jwe ak lavni nasyon an pandan y ap neglije dwa fondamantal sitwayen yo genyen pou yo jwenn respè, edikasyon, ak lavi.
Nou mande jistis pou Wanderson Zamy!
Nou mande kont pou moun ki responsab yo!
Nou mande yon sistèm ki mete lavi, respè ak diyite sitwayen an premye!
16/08/2025
Yo vann diyite pèp la pou ranpli kont pèsonèl yo.
15/08/2025
chak jou Didier Fils-Aimé pase nan pouvwa a, se yon jou an plis Ayiti ap plonje nan mizè, koripsyon ak ensekirite.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Delmas