PLATE FORME Politique Solution
Depi kèk tan lapolis ap lage drón nan plizyè teritwa pèdi
Anpil bandi mouri
Men gen kèk moun nan mitan popilasyon Ayisyèn nan
Ki poko ka gen kè kontan
Paske gro chef gang yo poko mouri
Dapre moun sa yo, travail lapolis la pa fin trò bon
Yo di drón yo manke lage ak précision
Yo toujou tande se bon pye Barbecue ki sove l'
Vitèlòm menm travèse Rivyè Griz, li jete l'
Etensèl dife vole nan vizaj Izo, yo blese l'
Izo te di nèg yo eseye l'
An reyalite
Sa nou panse a, se pa sa vre
Chef bandi yo echape nan operasyon sa yo
Menmjan ak tout lòt bandi k'ap kouri sove tèt yo
Lè Lapolis te lage drón yo nan Gran Ravin, Tilapli pat tonbe
Paske jou pa l' a poko rive
Men g'on lè k'ap rive
Tronpèt la va sone
N'ap wè fòs lòd yo dedouble
Pou yo touye tout bandi
Nan tout teritwa pèdi
Lè sa, chef gang yo p'ap gen kote pou yo kache
E apre drón yo fin lage
Lapolis ap fè pénétration pou rekipere tout vye materyèl bandi yo te konn itilize
Epi popilasyon an pral fè pwòpte
Nan pwòpte popilasyon an tou, gen bwa kale
Pou bandi ak madan bandi k'ap kouri sove
Jou sa pa lwen
Si se pa jodi, se demen
21/03/2025
Les assassins sont dans la ville!
Pa gen jistis pou prezidan Jovenel Moise, Lajistis preske libere kolonbyen yo ki te patisipe nan tuye prezidan Jovenel yo. Felix Badio pat ka kenbe dlo nan trisbinal la jodi a lavé men nou
Veye yo!
_*Oligak Vorbe yo patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse 7 Jiyè 2021 poutèt prezidan an te koupe kote yo tap volè kòb leta nan kouran, nan wout, nan asfalt ak gaz petrokaribe, nan franchiz e nan volè byen leta. Apre krim nan Vorbe yo mete 2 premye Minis Ariel Henry ki enplike nan krim nan ak Fils-Aime ki nan se yon chèf gang Inite-Verite. Yo pran kontwòl lajistis pou sabote ankèt. Dimitri Vorbe, Jean Mary Vorbe, Pasha Vorbe sèvi ak lavalas, Verite-Inite ak PHTK pou rekòmanse piye leta. Ministè travo piblik ak finans nan men yo kote yo rekòmanse koupe rache kòb leta. Fils-Aime bayo 300 milyon goud nan 500 milyon goud ki depanse nan 3è tan vizit Prezidan Gustavo Petro swadizan pou repare wout Jacmel. Nan 200 mèt yap ajoute nan aewopò okay la Vorbe yo fè leta péyé 5 fwa lavalè. Fils-Aime nonmen pou Vorbe yon pakèt kowonpi nan komisyon mache leta Ayisien pou yo ka vòlè izinn kouran tou nèf 60 megawatts Prezidan Jovenel te mete kafou, motè tou nèf Okap, Jeremie, Jacmel, okay ak latibonit. Yo bezwen volè tou 150 milyon dola vèt materyèl Taiwan te remèt Ayiti apre akò te siyen. Yo te voye chèf gang Vitelhomme Al kase depo a lame tap siveye nan Taba men solda lame te plen yo a kout zam. Yo envante yon istwa anbasad meriken pou pèp la pa wè se yo ki te voye Vitelhomme kase depo a. Asasen Vorbe yo te di se sou 50 an na wè ant yo ak pèp la kiyès kap gen rezon. Oligak Vorbe yo gen chèf gang Fils-Aime, Kato, Nènèl ki kontinye fè krim ak vol pou yo. Oligak sa yo péyé kèk jounalis pou kase fèy kouvri sa men pèp la pa egare. Li gen poul jwen jistis e li pap 50 an.*_
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
509
Heures d'ouverture
| Lundi | 09:00 - 17:00 |
| Mardi | 09:00 - 17:00 |
| Mercredi | 09:00 - 17:00 |
| Jeudi | 09:00 - 17:00 |
| Vendredi | 09:00 - 17:00 |
| Samedi | 09:00 - 17:00 |