PAS.fintech
13/06/2023
🔒 , se yon ribrik PAS mete sou pye pou fòme piblik la sou nouvo Teknoloji Finansye yo an Kreyòl Ayisyen! 🔒
Ou menm k ap chèche konprann kijan kriptomonnen yo mache, ki vle konprann yo avan menm ou envesti. Ebyen! pa bezwen chache lòt kote gras ak ribrik PAS .fintech mete sou pye espesyalman pou ou an. W ap gen akse a enfòmasyon kredib, klè ak senp sou Kriptomonnen, teknoloji Blòkchènn, NFTs, metavès ak DeFi.
Nou konnen sa ka parèt konplike ak tout mo sa yo sitou jagon teknik sa yo ki sòti nan chan leksikal majorite nan nou pa janm itilize. Men nou asire w wap kontan gras ak ribrik sa w ap jwenn anpil enfomasyo sou mond kriptomonnen an.
Alòs, misyon primodyal ribrik se demystifye ak dekripte konsepsyon sa yo fason ki pi klè ak konpreyansib pou pèmèt ou nwaye nan nouvo teknoloji finansye sa. Nou vle eskplike ak fome w yon fason pou w santi w konfòtab avèk tematik yo ak jagon yo.
Konprann 4️⃣ pwen kle ribrik la:
1️⃣ Demystifye : Rann tematik kriptomonnen yo pi aksesib, pi senp ak pi fasil pou konprann. Nou pral reponn a kesyon ki pi frekan yo nan komantè yo.
2️⃣ Dekòde : Nou pral ede w dekripte aspè teknik Blokchènn, NFTs, Metavès ak DeFi yo. Nou pral gidew ak tèm teknik yo ak konsepsyon fondamantal yo, pou ou ka fè konesans avèk nouvèl teknoloji sa yo.
3️⃣ Eksplike : Nou pral eksplike avantaj ak opòtinite kriptomonnen yo ofri. Nou pral montre w kijan pou w envesti, benefisye ak grandi ak nouvo opòtinite finansye sa yo.
4️⃣ Fòme : Nou pral òganize sesyon fòmasyon ak atelye pou ede w akimile konpetans nesesè pou navige nan monn kriptomonnen yo avèk konfyans.
Suiv nou sou
FACEBOOK
https://www.facebook.com/PAS.fintech/
__
TWITTER
https://twitter.com/pasfintech/status/1655639305027481600?s=20
____
INSTAGRAM
https://www.instagram.com/pas.fintech
___
Rejwenn kominote whatsapp nou an:
https://chat.whatsapp.com/CiRUaG6lCH557Ej73rVxw7
, Edrice Payen
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Adresse
Port-au-prince
Carrefour
6136
Heures d'ouverture
| Lundi | 08:00 - 16:00 |
| Mardi | 08:00 - 16:00 |
| Mercredi | 08:00 - 16:00 |
| Jeudi | 08:00 - 16:00 |
| Vendredi | 08:00 - 16:00 |
| Samedi | 08:00 - 16:00 |