INFO PLUS

INFO PLUS

Partager

01/06/2026

*MESAJ POU POPILASYON LEYOGÀN NAN SOU KÒMANSMAN SEZON SIKLONIK LA*

Chè frè ak sè Leyogàn,

*Yves Paul Demesmin (T Paul Demesmin ) ansanm ak YPD Foundation* vle enfòme nou ke sezon siklonik la kòmanse epi li pral dire plizyè mwa. Pandan peryòd sa a, nou ka fè fas ak gwo lapli, gwo van, inondasyon ak lòt fenomèn natirèl ki kapab mete lavi ak byen nou an danje.
Nou ankouraje tout sitwayen yo pou yo rete vijilan epi pran mezi prevansyon ki nesesè pou pwoteje tèt yo ak fanmi yo.

✅ Kèk konsèy enpòtan pou sezon siklonik la :

- Verifye do kay ou ak pòt ak fenèt yo pou asire yo byen solid.
- Netwaye kanal, rigòl ak drenaj ki bò lakay ou pou dlo ka sikile fasil.
- Prepare yon rezèv dlo potab ak manje ki pa bezwen frijidè.
- Kenbe yon radyo, flach ak pil an rezèv pou ka ijans.
- Idantifye yon kote ki an sekirite kote ou ka al pran refij si sa nesesè.
- Swiv enfòmasyon ak konsèy otorite yo bay sou radyo ak lòt mwayen kominikasyon.
- Evite travèse rivyè oswa zòn ki inonde pandan gwo lapli.
- Pwoteje dokiman enpòtan yo nan sache oswa bwat ki pa pran dlo.

Ansanm, ann pran prekosyon pou nou diminye risk yo epi pwoteje lavi nou, fanmi nou ak kominote nou.

*Prevansyon se premye mwayen pou sove lavi.*

Ekip kominikasyon

Vous voulez que votre organisation soit Service Du Gouvernement la plus cotée à Carrefour ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse


Carrefour