Radio Logic FM
20/02/2026
INFO] Lakou Siprèm Vandredi 20 Fevriye 2026 deside ke Prezidan Donald Trump te vyole lwa federal lè li te mete gwo tarif sou anpil peyi atravè lemond san apwobasyon Lasanble a. Sa se yon gwo defèt pou Mezon Blanch lan sou yon dosye ki te nan sant politik etranjè ak ajanda ekonomik prezidan an.
Desizyon an ka konsidere kòm youn nan pi gwo defèt dezyèm administrasyon Trump lan devan yon Lakou Siprèm ki gen majorite jij konsèvatè. Ane pase a, menm tribinal sa a te souvan bay prezidan an rezon nan plizyè desizyon ijans, tankou sou kestyon imigrasyon, revoke chèf ajans endepandan yo, ak gwo koupe nan depans gouvènman an.
Chèf Jij la, , te ekri opinyon majorite a. Tribinal la vote 6 kont 3 pou di tarif yo te depase limit lalwa bay pouvwa egzekitif la.
Sepandan, Lakou a pa t presize kisa ki dwe fèt ak plis pase 130 milya dola tarif ki deja ranmase yo. kestyon sa a rete ouvè epi li ka lakòz plis batay legal ak politik nan semèn ak mwa k ap vini yo.
Beat au max
09/02/2026
Pastè Joseph Moïse jwen liberasyon li jodia 9 Février 2026 la avoka li Me Jean Renel Sénatus konfime nouvèl la.
Beat au max
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Site Web
Adresse
Cap-Haitien
Cap-Haïtien