AVI-Co GROUP
Consultation- Assistance- Etude- Formation - Promotion -
**** Agri-co, c'est l'agriculture au sens propre***
10 kritè ke w dwe metrize ki ka ede w le w pral achte yon kochon.
Siw pral achte Yon kochon pou w tiye, swa pou w manje, oubyen pou w vann vyann li, tèks sa pa konsene w men ou menm ki ap achte l pou w fè gadinaj, pran tan w, san w pou li, konprann ak metrize byen. Li Enpotan pou ou paske se kapital wap mete deyò nan sousi pou w fè plis lajan.
10 kritè ke w dwe metrize ki ka ede w le w pral achte yon kochon.
1. Chwazi yon tri manman li dou, li pa pran tan pou l t mizba, ki gen bon manmèl e ki bay anpil lèt, e ki okipe pitit li byen
2. Cheche konnen si manman l konn fè gwo pòte sa vle konn fe anpil pitit
3. Chwazi yon tri ki gen pou piti 12 tete byen devlope e ki gen menm espas ant chak
4. Chwazi yonn kite grandi vit e ki byen devlope
5. Chwazi sa ki pa malad
6. Fok ou asire w ke l pa gen kenn defomasyon tankou èni, janm fèb, bòbòt trò piti, yon sèl grenn nan pòch grenn nan oswa ki genbe anpil p**i.
7. Menn si se yon koure fok ou konnnen sil t grandi vit, sil t byen devlope menm jan ak tri a
8. Fok tou 2 grenn li menm gwosè, fok manman l ak papal pat mechan e li menm tou.
9. Si wap achte yon koure, li pa dwe soti nan menm fanmi ak tri w te genyen deja, parey si wap achte yon tri, sa ap evite sa ki rele problèm konsanginite ki k la koz avotman, defomasyon fizik ak anpil lot ankò.
10. Kò koure yo dwe laj. Pa tri yo dwe long men fok yo byen devlope.
Kontakte Avicogroup sou Whatsapp +50937601825
Pou w kapatisipe nan fomasyon nou yo, oubyen siw bezwen konsiltasyon nou.
Pa bliye Renmen paj la epi pataje l ak kek zanmi kew konnen sijè sa ap enterese. Mesi Anpil !!!
Agr.NOEL Pechelyn
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'école
Téléphone
Site Web
Adresse
Cap-Haïtien