BensonFoot
06/11/2026
Seleksyon nasyonal la resevwa yon move nouvèl avan Koup di Mond lan. Mitan teren an, Leverton Pierre, pap disponib pou patisipe nan tounwa a apre ekip medikal la konfime li soufri yon blesi nivo 2 nan adiktè dwat li. Blesi sa a pral fòse l rete lwen teren pandan plizyè semèn.
Pou konble absans sa a, estaf teknik la fè apèl ak Garvens Metusala, ki te deja fè pati gwoup la pandan faz eliminatwa yo. Metusala ap rantre nan kan Grenadye yo nan Boston pou prepare ak ekip la.
Nou swete Leverton Pierre yon bon retablisman epi n ap ankouraje Garvens Metusala pou li pwofite opòtinite sa a pou ede seleksyon an fè yon bon Mondyal. 🇭🇹⚽️
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Telephone
Website
Address
Salisbury, MD
21801