Commando29 officiel
06/30/2026
Savalouwe konpatriyòt kijan nou ye
Vin Fon ti pale sou koze Sila ki se Reklame
Kisa ki reklame
On reklame se on Moun enèji yo bay yon misyon
E misyon Sila ka varye nan plizyè branch
Nan vodou Ayisyen an on reklame se yon Moun ginen yo chwazi Poul fè sèvis lwa yo
Ou ka reklame pouw kenbe Lakou, pouw ougan, manbo, samba, tanbourinè, pè savan,elatriye
Kisa ki ka fèw konnen ke ou se yon reklame ?
Men kèk siy ki ka moutrew ke ou se yon reklame
Pi souvan rèv ou yo konn mistèrye epi ou konn wèw nan kèk andwa ki trè mistik.
Entwisyon Moun sa yo souvan fò Anpil.
Yo gen kapasite pou kominike ak lanati on fason spesyal
Li fasil pou yon Moun vin kote yo ak yon poblèm mistik pou yo jwenn yon solisyon rapid.
Yo toujou ap kominike san rann kont ak espri yo
Sa vle di espri yo toujou ap pale nan zòrèy yo pou ede yo avanse ede yo konprann lavi.
Pou tanbourinè yo menm yo konn wè yo gen don pou fwape tanbou
Pou medsen fèy yo menm espri yo konn ba yo on konesans avanse sou fèy lanati yo
Nan LGDH nap edew konprann kijan sa ye ann kontinye
Pou fanm saj yo menm depi yon fanm ansent rive douvan yo espri kominike yo kijan pou yo edel
Yon reklame pa nenpòt Moun, men se yon Moun ki spesyal Anpil.
Lavi reklame yo pa fasil li difisil Anpil
Sa konn rive souvan yo pa kwè nan tèt yo nan kapasite yo e sa konn rann yo echwe nan misyon yo.
Kèk bagay ki ka rivew lèw se Reklame menw pa bezwen pè
Wap jwenn Anpil difikilte men difikilte yo se pou aprann ou
Ou ka afwonte ka maladi pouw ka aprann trete
Ou ka kwaze ak gwo poblèm pouw aprann koute e pale lè sa nesesè
Yap fòmew yap Jere karaktèw e metew nan dimansyon ou dwe ye ya
Lèw se Reklame ou pa dwe janm neglije sa ou sipoze travay sou don yo baw la.
Siw reklame pouw ougan oubyen manbo wap toujou twouvew nan enpas kote Moun pa ka edew spirityèlman fasil pou moutrew ke plas ou enpòtan e siw travay sou li wap ka ede tèt ou ak antouraj ou lè sa nesesè pa neglije pale Ak espri yo.
Konséy Mwen pou nou
Pa neglije liminen pou mande direksyon epi chache koneksyon fòs yo chache konn misyonw konekte ak rasin ou
Pa neglije rèv ou yo
Pa neglije entwisyonw
Pa neglije ti detay yo paske enèji yo pale tout jan
Évite kite Moun manyen kote enèjetik ou yo
Fè charit Anpil ede moun ki nan bezwen
Bay éd lè sa nesesè
Pa janm moutrew konnen pouw ka aprann plis
Metew Piti pou espri yo levew.
Pa janm eseye pote Chay Moun
Si wi ou aksepte
Ou dwe mete disiplin ak sajès Lakay ou
Paske se ak sa yo lwa yo antite yo mache
Pi bon zanmiw se balèn ou se zoryew se meditasyon ak liminasyon.
Lèw reklame li fasil pouw gen Anpil ènmi pou enèji ou ap gen Anpil Moun ki pwal chache zanmiw pou jwi e gache enèji w.
Men fè lanati konfyans kwè nan tèt ou epi kite yo fè rès la kwèm siw swiv konsèy sa yo wap rive lwen.
Lakou Ginen D'Hayti
Click here to claim your Sponsored Listing.
Category
Website
Address
Dallas, TX
75001