Vision Social

Vision Social

Share

05/01/2026

*ENA — Antant Nasyonal*
*Entente Nationale*

*Nòt solidarite ak popilasyon depatman Nò ak Nòdès, espesyalman Okap ak Wanament*

Pati politik Antant Nasyonal (ENA) pataje gwo soufrans popilasyon Okap ap andire chak jou, sitiyasyon ki vin pi grav chak moman.

Sa k ap pase nan Okap la se yon pwoblèm konplèks ki mande pou tout sektè politik yo mete tèt yo ansanm pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Se pa san rezon ENA toujou ap ankouraje yon dyalòg enklizif kote tout fòs viv nan peyi a mete men ansanm pou ede Ayiti soti nan kriz li ye jodi a.

Kowòdinasyon Nasyonal la pwofite moman sa a tou pou li eksprime solidarite li ak popilasyon depatman Nòdès la, espesyalman moun Wanament, ki frape pa gwo inondasyon jodi mèkredi 29 avril la.

Antant Nasyonal *(ENA)* rete konvenki li se youn nan aktè kle pou pote chanjman nan peyi a. Nou konnen soufrans nan Nò ak Nòdès la anpil, moman yo difisil, men nou ankouraje nou rete djanm, paske peyi a pap rete konsa.

Pwoblèm n ap fè fas yo jodi a montre vrè vizaj kriminèl ak san konsyans ki mete peyi a nan sitiyasyon li ye a.

*Kenbe fèm, Nò ak Nòdès — yon jou sitiyasyon an ap chanje.*

*Schner Mildor*
Pou ENA

04/14/2026

*ENA*
*Entente Nationale*
*Antant Nasyonal*

*NÒT SENPATI*

Pati politik Antant Nasyonal (ENA) ap prezante sensè kondoleyans li bay tout fanmi, zanmi ak alye moun ki viktim yo nan dram ki pase nan SITADÈL samdi 11 avril 2026 la.

Nan moman doulè sa a, ENA pataje gwo tristès ak tout moun ki frape dirèkteman oswa endirèkteman pa trajedi sa a. Sa ki rive a pa sèlman touche fanmi viktim yo, men li frape konsyans tout nasyon an, sitou nou menm kòm yon pati politik ki toujou ap defann dyalòg enklizif, respè mityèl, ak rechèch yon antant nasyonal pou konstwi yon peyi ki estab ak fonksyonèl.

Nou konsidere dram sa a kòm yon apèl ijan pou tout sektè nan sosyete a, kit se otorite lokal yo oswa dirijan nan pi wo nivo Leta a, pou yo pran responsablite yo ak plis serye. Li enpòtan pou nou tout tire leson nan sa ki pase a pou evite lòt trajedi menm jan an.

Se ak anpil emosyon kowòdinasyon nasyonal la, ansanm ak kowòdinasyon depatmantal Nò a, ap voye yon mesaj senpati pwofon bay tout fanmi ak pwòch moun ki pèdi lavi yo.

Pati politik Antant Nasyonal la rete solidè ak nou nan moman difisil sa a, epi li renouvle angajman li pou kontinye ankouraje yon dyalòg vrèman enklizif pou peyi a ka pran yon nouvo direksyon.

*Sensè senpati!*

Schner Mildor
Responsab Kominikasyon
Depatmantal Nò

Want your business to be the top-listed Media Company in Columbus?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Website

Address

3735 Emery Club Way
Columbus, OH
43219