Steken Broadcast
Okay montre ankò jan nou konn fè bèl bagay lè nou mete tèt ansanm ❤️💙
Mwen pote rekap la pou nou gade tout videyo a epi abòne avè nou
(ISSA) Institution des Soeurs de Sainte-Anne te make selebrasyon 223èm anivèsè drapo💙❤️ ayisyen an avèk yon bèl parad ki te rasanble elèv, pwofesè, paran ak anpil manm nan popilasyon an.
Kiyès nan moman yo ki plis touche w ? 👀👇
Repòtaj:
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
19/05/2026
Nan okazyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm”, staff òganizasyon an ansanm ak Svarinska Bar te mete tèt yo ansanm pou òganize yon bèl aktivite sou plas Okay la, yon jounen ki te chaje ak animasyon, konvivyalite ak anpil emosyon.
Aktivite a te rasanble anpil jèn, fanatik espò ak moun ki te anvi pase yon bon moman nan vil la. Pou mete plis anbyans nan selebrasyon an, òganizatè yo te prepare plizyè aktivite tankou foutbòl ti kan pou fi ak gason, kote diferan ekip te montre talan yo anba gwo chalè ak sipò piblik la.
Anplis match yo, te genyen tou konkou “choute penal ”, yon aktivite ki te mete anpil ri ak plezi nan mitan patisipan yo. Chak moun te eseye montre ladrès yo pandan foul la tap ankouraje ak aplodi san rete.
Jounen an te tounen yon vrè espas distraksyon ak inite, kote jèn yo te pataje bon enèji ansanm. Aktivite sa montre kijan inisyativ konsa kapab bay lavi nan vil la, ankouraje solidarite epi kreye bèl souvni pou kominote a.
Pou anpil moun ki te prezan, selebrasyon 5èm ane “Okay Gen Bèl Fanm” lan pa t sèlman yon senp aktivite, men yon moman espesyal ki mete lajwa ak fyète nan kè anpil moun nan vil Okay.
Repòtaj: Kensley Marcelin
© 2026 Steken Broadcast. All rights reserved.
🇭🇹✨ 18 Me, Fèt Drapo Ayisyen ✨🇭🇹
Jodi a, nou pa sèlman selebre yon drapo.
Nou selebre fòs, inite, kouraj ak istwa yon pèp ki pa janm sispann leve kanpe. ❤️💙
Drapo nou se senbòl fyète, rezistans ak lanmou pou Ayiti.
Kèlkeswa kote nou ye nan mond lan, Ayiti rete nan kè nou. 🇭🇹
Ann kontinye pote kilti nou, pale lang nou, epi kenbe flanm espwa a limen pou jenerasyon kap vini yo. ✨
Bòn Fèt Drapo tout Ayisyen atravè lemond!
Kamera/Montaj:
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.