Masse-moi Ht

Masse-moi Ht

Partager

04/01/2024
16/12/2023

Si ou renmen yon piblikasyon pa bliye kite yon like ,yon komantè, abone siw potko fè sa epi envite zanmi w fè sa tou🤗🤗🌹Mèsi a oumenm ki toujou sipòte nou. Objektif 2k

Photos from Masse-moi Ht's post 15/12/2023

Lè'w te piti ou te konn pran piki nan dèyè'w pavre?👶🏽
E pandan'w gran ou pran tou?👩🏽
Ou se yon fi,ou gen entansyon pran piki pou fè dèyèw gwosi?🍑
Ou te konnen pratik sa gen danje ladan si li mal fèt?🤷‍♀️
-Jodya nou pral pale'w de syatik yatwojèn(sciatique iatrogène).
Selon envestigatè yo, maladi sa defini tankou yon" lezyon aksidantèl de nè syatik la pandan yon enjeksyon entramiskilè nan dèyè".
Ka sa ra se vre men li bèl e byen egziste, tou senpleman yo pa ase pale de li.Ka sa plis repete nan peyi afrik yo ak peyi ki pòv yo.
-Ou konn tande pale de nè syatik(nerf sciatique)?
Se nè sa ki soti depi nan pati enferyè rejyon lonbè nan kolòn vetebral la li travèse basen epi dèyè an pou li desann nan janm nan epi divize pi ba an 2 branch pou al ateri jis nan pye.
-Twoub nan nè sa ka vini de plizyè sous(pa egzanp èni diskal, yon gwosès)
Men nan ka yon enjeksyon nan dèyè nou pale pito de yon aksidan kote malerezman sereng lan rive touche nè a .Aksidan sa ka rive :si pèsonèl lan neglijan ou tou senpleman pa kalifye(yo pa metrize teknik pou tip enjeksyon sa),li ka rive tou siw ta chwazi bay yon moun ki pa yon pwofesyonèl lasante ditou fèl pou ou(pa neglijans oubyen mank mwayen).
Aksidan sa rive non sèlman kay moun ki gen pwoblèm sante men li rive tou kay medam ki ap pran plezi pran piki pou fè dèyè yo gwosi(yon pratik ki fè pale anpil de li menm an ayiti)
Ebyen zanmi si pa malè sa ta rivew pwoblèm yo ap anpil nan men'w :Tankou gen difikilte pou mache,pwoblèm sansibilite epi doulè nan trajè nè a,feblès nan misk ki inève pa nè sa ak atwofi sa vle di yap pèdi nan volim yo. Sekèl sa yo ka pasyèl oubyen total e Chans pou rejwenn fakilte ou te pèdi yo depan de gravite lezyon an(nan ka ki pi grav yo manb lan ka tou rete paralize)

Pa bliye, sante'w se premye richès ou se responsabilite w , atansyon pa kapon 🙌pa diw pat konnen🚨🚨🚨
Hello kiné509

Vous voulez que votre pratique soit Clinique la plus cotée à Tabarre ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

Tabarre