Podium Magazine

Podium Magazine

Partager

Photos from Podium Magazine's post 06/05/2026

Plateforme des Associations des Jeunes du Bas-Artibonite (PAJBA) te òganize yon seremoni espesyal pou onore majorite jounalis nan vil Senmak, kòm rekonesans pou travay enpòtan yo ap fè nan domèn enfòmasyon.

Pami jounalis ki te resevwa sètifika rekonesans sa a, te genyen ekip PodiumMagazineMedia, ki te prezan nan aktivite a. Seremoni an te dewoule nan dat 3 Me 2026, kote PAJBA te remèt sètifika yo bay plizyè pwofesyonèl laprès nan vil la.

Podium Magazine Media salye inisyativ sa a ki vize ankouraje ak valorize travay jounalis yo nan kominote a.

01/05/2026

Clairemane Deshommes demanti akizasyon sou trafik zam
Clairemane Deshommes, jèn fanm ki videyo li ap sikile anpil sou rezo sosyal yo kote yo montre li mare pandan chèf kowalisyon an, T-Mepri, ap poze li kestyon, soti pou mete limyè sou sitiyasyon an.
Daprè videyo ki te pataje a, yo te prezante Clairemane kòm yon moun ki ta gen konivans ak gwoup gang nan trafik zam ak minisyon. Sepandan, jedi 30 avril 2026 la, li pran lapawòl pou li demanti akizasyon sa yo piblikman.
Nan yon entèvansyon li bay devan mikwo Podium Magazine Media ansanm ak PlekTarryNews, Clairemane Deshommes deklare li pa gen okenn lyen ak aktivite ilegal sa yo, e li rejte tout sa k ap di sou non li.
👉 Ann swiv entèvansyon Clairemane Deshommes devan kamera Podium Magazine Media ak PlekTarryNews pou plis detay sou deklarasyon li yo.
📸 PlekTarryNews
Podium Magazine Media
🇭🇹

01/05/2026

✍️ ÉDITORYAL – Travay ak Agrikilti anba bal nan Latibonit
1er Me 2026
Jounen premye me, ki te toujou senbòl diyite travayè ak fòs agrikilti nan peyi a, ap pase jodi a nan yon reyalite ki fè mal anpil. Olye peyizan ap prepare tè, plante semans ak bay lavi, se bal kap chante depi nan lannwit 30 avril pou rive 1er me 2026 nan premye seksyon kominal Petit Rivière de l’Artibonite.
Latibonit, ki te konn rele “grenye Ayiti”, ap soufri anba menas, vyolans ak laperèz. Tè ki te konn bay diri pou nouri tout peyi a, jodi a vin tounen chan batay kote peyizan pa ka antre san yo pa riske lavi yo. Zouti travay yo vin ranplase pa zam; jaden yo abandone, rekòt yo gaspiye, e espwa ap mouri tou dousman.
Kijan yon peyi ka pale de devlopman lè moun ki bay manje a ap kouri pou lavi yo? Kijan nou ka selebre travay lè travayè yo pa menm gen sekirite pou yo leve chak maten? Sa k ap pase nan Latibonit la se pa sèlman yon kriz sekirite, se yon menas dirèk sou avni alimantè peyi a.
Jounen travay la pa dwe sèlman yon dat sou kalandriye. Li dwe yon rapèl ke san sekirite, pa gen pwodiksyon; san pwodiksyon, pa gen nasyon. Lè bal pran plas chalè solèy sou tè a, se pa sèlman agrikilti ki mouri, se lespwa yon pèp antye.
Lè nap gade sitiyasyon sa a, li klè: si pa gen mezi serye pou retabli sekirite nan zòn agrikòl yo, Latibonit pap janm reprann plas li kòm grenye peyi a. E si Latibonit tonbe, se tout Ayiti k ap soufri.
Premye me sa a pa pote fyète, li pote kestyon. Li mande aksyon. Li mande responsablite. Paske yon nasyon ki pa ka pwoteje moun k ap travay tè li, se yon nasyon k ap kondane tèt li nan grangou ak dezespwa.
Podium Magazine Media 📸
PlekTarryNews ✍️

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Saint-Marc ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Site Web

Adresse

#23 Frecynau Ruelle Thomas
Saint-Marc