Ney
27/11/2018
Viser toujours plus haut 😍Viser toujours plus loin😘
Excellente journée😇
25/11/2018
Ou santi w an reta!?
An reta pa rapò ak kiyès oubyen ak kisa?
Ak medam nan pwomosyon w yo?
Ak lòt jenn fi ki te grandi avè w yo?
Ou pa ka an reta pa rapò ak moun ki pa pral menm kote avè w. Ou pa ka an reta pa rapò ak moun ki pa ni soti ni prale menm kote avè w. Ou pa ka mezire reyisit oubyen siksè w ak lonn lòt moun. Konprann byen se dimansyon rèv ou ki defini ki kote w ye sou wout la. Paske plis rèv ou gwo se plis wout la long.
Pa santi w diminye paske w poko akonpli yon ka nan sa zanmi w yo akonpli, gade dèyè wa wè ki valè wout ou fè. Pa santi w an reta lè w ap gade lòt jènn fi nan laj ou, paske reyisit pa gen yon fòm. Sak reyisit pou li pa oblije reyisit pou ou. Epi paske li pi devan pase w pa vle di lap rive anvan w.
Siksè pran dimansyon rèv chak moun, reyisit se pa lè w fè sa tout moun nan jenerasyon w, nan laj ou, nan pwomosyon w fè men se lè w materyalize sa ou te toujou swete pou tèt ou. Se pou sa olye w rete ap kilpabilize tèt ou pou sa w poko rive fè, goumen pou avanse pi pre rèv ou chak jou, pa bliye pe enpòt ak vitès ou prale sak enpòtan se pa retire je w sou objektif la epi konyinye avanse.
Siksè yon moun ka enspire w oubyen motive w men pa kite l dewoute w, ni diminye w.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.