AJACE-HAITI
L'objectif d'AJACE-HAITI est de: 1- D'etre unifié et pacifié d'une convergence consentie par la volonté manifeste des Jeunes. 2- Atterir dans les 10 departments du pays afin de vehiculer l'ideologie pour une nouvelle societé et une jeunesse connaissant leur valeur , leur droit dans la société.
08/05/2026
Pafwa, nan lavi a, se pa moun ki pale plis yo ki enpòtan sèlman… men se moun ki rete kanpe lè tout lòt moun fatige. Enfimyè ak enfimyè yo se youn nan pi gwo poto mitan limanite. Pandan anpil moun ap dòmi, yo menm ap veye lavi. Pandan fanmi yo enkyete, se yo ki pote premye mo rekonfò a, premye swen an, premye espwa a. Travay yo pa sèlman yon metye, se yon misyon ki mande pasyans, sakrifis ak anpil lanmou pou moun.
Nou dwe aprann valorize moun ki mete konesans yo, tan yo ak fòs yo disponib pou soulaje doulè lòt moun. Yon sosyete ki pa apresye moun kap sèvi li ak devouman, se yon sosyete ki bliye pwòp valè li. Yon senp mo “mesi”, yon ti ankourajman oubyen yon jès rekonesans ka bay fòs pou yo kontinye batay la chak jou. Ann aprann respekte, onore ak sipòte tout moun kap sèvi lavi ak diyite, paske dèyè chak lavi sove, gen souvan yon enfimyè ki te refize abandone.
AJACE-HAITIMinistère de la Santé Publique et de la Population
25/04/2026
Le philosophe René Descartes, dans sa quête pour la vérité, nous a appris à douter de tout ce qui ne repose pas sur des bases solides. La question n'est pas simplement de savoir si ce que l'on regarde est populaire, mais bien de comprendre les motivations profondes qui poussent à la diffusion de telles images, et ce que cela signifie pour la société dans son ensemble.
La fin médiocre de cette normalisation
Quand la violence devient une norme, elle dégrade le sens profond des relations humaines. Les films et vidéos qui exhibent ces pratiques souvent dégradantes n’illustrent que trop bien la banalisation du mal. Cette vision déformée des rapports sexuels et de l'intimité mène à une vision déshumanisée des autres, où les émotions et le respect mutuel sont relégués au second plan. La fin de cette dérive est souvent médiocre : des générations désensibilisées, incapables de distinguer le respect de l’exploitation, la compassion de la domination.
Comprendre la direction, pas suivre la foule
Il est essentiel de ne pas se laisser emporter par l’illusion de la normalité. Suivre aveuglément la majorité ou s’adonner à des pratiques qui semblent faire l’unanimité dans les médias, c’est accepter de vivre dans l’ignorance. Chaque choix que nous faisons, chaque image que nous consommons, chaque idée que nous accueillons dans notre esprit, doit être le résultat d’une réflexion rationnelle et d’un examen profond. L’important n’est pas de suivre le grand courant, mais de comprendre pourquoi nous choisissons de prendre une direction, et quelles en sont les conséquences pour notre société et notre avenir personnel.
Un appel à la sagesse
Je vous appelle, jeunes Haïtiens, à ne pas succomber à la facilité. Recherchez la vérité au-delà des apparences. Ne vous laissez pas séduire par des images qui normalisent la violence, mais cherchez à comprendre la réalité de l’humanité, avec tout le respect, la dignité et l’amour.
©️EP_105
15/04/2026
Jèn Ayiti : Ant bri vid ak vrè enfliyans – tan pou reveye konsyans nou
Nan yon epòk kote teknoloji ap dirije rit lavi nou, Ayiti ap fè fas ak yon gwo konfizyon: nou melanje popilarite ak enfliyans. Fenomèn sa a menase kapasite refleksyon, edikasyon ak avni jenerasyon an.
Jodi a, sa ki fè plis bri sou rezo yo pa toujou sa ki gen plis valè. Nou antre nan yon kilti aparans kote “like” ak “view” vin ranplase konesans ak konpetans. Sa kreye yon jenerasyon ki ap chèche validasyon rapid olye yo bati fondasyon solid.
Edikasyon, ki ta dwe poto mitan devlopman, ap sibi gwo feblès. Lè jèn yo pèdi lafwa nan aprantisaj, yo vin fasil pou manipile, emosyonèlman yo febli, epi yo manke kapasite pou analize ak pran bonjan desizyon. Yon pèp ki pa reflechi se yon pèp ki domine fasil.
Nan vizyon ideolojik AJACE-Haïti, jèn yo dwe tounen aktè konsyan, pa espektatè pasif. Nou dwe reprann kontwòl entèlijans nou, valorize lekti, disiplin, refleksyon kritik ak devlopman pèsonèl. Enfliyans pa mezire nan bri, men nan enpak dirab sou sosyete a.
Se pou nou itilize teknoloji kòm zouti pou grandi, pa kòm chwa ki ap fè nou pèdi direksyon. Fòk nou chwazi vin moun ki kwè nan bati, renmen peyi, ki enspire, ki transfòme.
Jèn Ayiti, kestyon an pa “jiskibò nap rive?”, men “ki direksyon nou chwazi pran?”. Leve kanpe, bay edikasyon tout sans li, devlope lespri kritik nou, epi vin jenerasyon ki pote limyè nan mitan konfizyon an. Avni peyi a nan men nou.
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Adresse
Port-au-Prince
02