Richmind
11/09/2025
Fanatik mwen yo,
Mwen vle remèsye nou ak tout kè mwen pou lanmou ak sipò nou toujou ban mwen sou non Gwo Dlo. Non sa te pote mwen lwen, li te make yon etap enpòtan nan chemen mwen.
Jodi a, mwen deside ouvè yon nouvo chapit. Gwo Dlo vin tounen "Rich mind". Chanjman sa pa vle di mwen bliye kote m soti; li se yon refleksyon sou evolisyon mwen, vizyon mwen, ak richès lespri mwen vle pataje atravè mizik mwen.
Mwen mande padon si sa siprann kèk nan nou. Menm si non an chanje, mwen menm mwen rete menm moun nan : mwen ap kontinye kreye ak lanmou, ak laverite, pou nou.
Mèsi paske nou toujou la. "Rich mind" egziste gras ak nou.*
Avèk respè ak rekonesans,
"Rich mind" (ansyen Gwo Dlo 509)
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Adresse
Port-au-Prince