Konsaj

Konsaj

Partager

08/09/2022

*Lanmou pran kou*

Epizòd 4

Ekri pa *Dadoo Sage*

💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹💔❤‍🩹

Tony se yon enjenyè tout moun ap pale de li paske l toujou bay bon sèvis. Pandan l chita nan biro l yon dam vin ba l yon kontra.
Kliyan : Enjenyè, mwen kontan paske anfen rèv mwen pral reyalize, nan tout zòn nan se de ou y'ap pale
Enjenyè Tony : Se ap yon plezi pou m satisfè w. Men l'ap pi bon si lè w ap siyen kontra sa ta gen yon temwen.
Kliyan : Pa gen pwoblèm enjenyè, m'ap pase nan biro w ak fiyanse m nan demen.
Enjenyè Tony : Dakò madam.

Aprè Arya fin soti nan restoran an, se kò l ki kite Anndou men se pa lespri l. Tout sa k nan tèt li se rejwenn ak Anndou.
Pandan l sou wout la ap sot travay, li gade l wè yon moun devan l lan ki sanble ak Anndou ki kanpe devan yon machann. Nan kè l l'ap priye pou se Anndou moun sa ye.
Lè l preske rive li fè kòmsi l pral tonbe, pou l pa fin tonbe atè nèt li pran api sou mesye a, se lè sa l wè se pat Anndou.
Enkoni : Madam ou anfòm?
Arya : O, eskize mesye, se pye m ki frape nan wòch la
Enkoni : Lè w'ap mache, m swete w gad kote w ap met pye w.
Arya : Dakò

Arya tèlman sezi li tonbe ri pou kont li epi l'ap di : Mezanmi gad kòman mwen manke pran nan cho, si mesye sa te move moun li t'ap bouskile m wi, e t'ap bon pou mwen paske m pa konn kilè m te gentan konn Anndou pou m nan lari m 'ap chèche l la.

Tira : Apa Arya ap pale pou kont li !
Arya, m panse w te gentan rive, lakay ou m ta prale wi.
Arya : Ebyen men mwen wi, ann tou kontinye.
Tira : Oke ann ale non. Eyyyy fanm, di m non
Arya : Kisa?
Tira : Ou konnen w pa ka kache m
Arya : Men m pa konn sa w ap di a

Arya ki gentan sispèk kibò Tira vle rive chanje konvèzasyon an.

Arya : Kòman lekòl la te ye ?
Tira : Ou pa menm bezwen mande m, jodi a m pa konprann anyen tèlman m gen yon grangou k'ap kòde trip mwen.
Arya : Ebyen e pou w te fè yo met yon kantin lekòl la pou ou manzè Tira
Tira : Machè si m te kapab m t'ap gentan fè yo mete l vre wi.

Pandan Arya ap pale ak Tira, Anndou limenm sou bò pa l rive lakay li, l'ap rankonte Antwàn, yon zanmi l, sa k sot pase a.

Anndou : M pa konn sa k pase m menm non, gad mwen menm ki te di m p'ap nan pale ak fi ankò, mwen sèlman wè Arya nanm mwen gentan pati, malgre sa mwen kite l ale mwen pa pran nimewo l.
Antwàn :😂😂😂, m te di w pawòl sa p'ap kenbe, antouka ou raz anpil kòman w fè ap pale ak yon fanm ou kite l ale ou pa pran nimewo l ?
Anndou : Ou p'ap konprann sa k sot pase m nan non.
Antwàn : M p'ap konprann paske m p'ap fè yon erè konsa, zwazo pa konn rive anba men m pou m kite l ale.
Anndou : Sara pa t youn nan zwazo sa yo ? Pa di m ou gentan bliye l nan lis la non bon flannè.
Antwàn : Sa se yon lòt ka.
Anndou : Wepa, ban m al repoze anndan pito tande.
Antwàn : Si w gen chans wè l nan rèv w'a di m sa.

Arya frape yon mesye nan panse ak Anndou.
Anndou limenm gentan nan rakonte big patnè l sa k sot pase a.
feyton an pral chofe
*Pa ezite like, kòmante ak pataje feyton an.*

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Port-au-Prince