Radio Rd plus fm
26/04/2026
RD plus || Sport
Nan Kad préparasyon mondyal USA26 la.
Radio Rd plus komanse chofe band FM lan ak chanpyona Ewop yo. San bliye klasik ki tout kote nan rès mond lan.
Semèn sa nap tabli katye jeneral nou nan demi final ale
" ligue des Champions " yo kap jwe nan jounen 28 Avril 26:
PSG vs Bayern
&
29 Avril 26 :
ATM vs Aesenal
Jèn Kwonikè & esponsò
Ki vle fè wout la ak nou kapab rele nou nan
31 55 7678
Nap kontan kolabore ak ou!
- Ayisyen pa bay bagay sa valè
- Se yon bagay vagabondaj.
- An Ayiti bagay sa se tan pèdi....
Mete sou yon pakèt lòt ankò....
- E si'm diw Sinema antanke 7ème Art,se yon Art ki gen anpil valè e anpil moun ki te kòmanse pòv rive Rich ladann? Tankou : Jim Carry,Leonardo Dicaprio ak Viola Davis pa egzanp...
- Se vre ka gen vagabondaj,menmjan ka genyen l nan tout Domèn,men e si'm di'w
Gen moun ki prè a tou pou Respekte tèt yo e respekte Domèn sinema paske yo gen yon vizyon ki pi gran ke banalite
- E si'm di'w tou, ak angajman w,ou ka chanje fason yo wè sinema e konprann li,ou ka fè yo mye konprann Li e renmenl nan nivo valèl menm jan anpil komanse fèl,Tankou:
Jimmy Jean Louis,Fabienne Colas,Gessica Généus,ect....
Ou jis bezwen depase konplèks yo,perèz yo ak move souvni yo epi pran yon desizyon pou enplike'w nan sa'w renmen ak sa'w bezwen!
Lè gen fay nan sa'w bezwen se pa kouri w kouri pou li,se antre w antre epi chanje sa nan fason paw!
Aktè,kameraman,senaris,reyalizatè.... rejwenn nou pou'n konstwi ansanm yon lòt estrikti sinema!
07/04/2026
Difikilte ki pat depann de nou sèlman ki te anpeche fòmasyon an fèt la rezoud.
Nou prezante eskiz nou bay tout enterese ki pat gentan jwenn mesaj nou ki te pase kanmenm nan jounen sila.
Gro mèsi ak tout enterese ki te malgré tou te tou konfirme prezans yo.
Tout remèsiman ak enterese ki pat sispann kominike ak nou pou te konnen ki nouvo dat ki retni....
Mèsi pou pou pasyans nou.
nouvo dat ki retni an se Dimanch kap 12 Avril 10hAm - 4hpm....
Ou menm ki te deja enskri konsève resi yo t baw lan wap bezwenl nan jounen fòmasyon an. E ou ou menm ki pot ko enskri ou fè sa depi kounia menm nan numéro sa yo ,
Mon Cash / Natcash
31557678 / 40385225
Wilson Abraham
Oswa pase nan Collège Gilbert Albert Delmas 91, bureau du CSP.
Anyen pa chanje...
Entèvenan se toujou,
Collin Emmanuel ( mèt vil la )
Pri pati patisipasyon an se $400ht
Certificat w tou ladanl
Stage Garanti nan Radio Rd plus 87.5Fm
Patisipan ki soti pi briyan apre seyans pratik estaj yo ap tou retni pou vwa otorize pwomosyon password école de communication nan tout peyi an.
Bonne participation !
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Téléphone
Site Web
Adresse
509