BEMA Distribution
12/10/2024
📌Animatè emisyon Pi Lwen Ke Zye a fè anons lan ofisyèlman, jodi samdi 12 oktòb la, sou tout platffòm rezo sosyal li yo. « Nou konnen mwen respekte nou, e mwen respekte moun tou ! Nan menm sousi respè sa a ! Map anonse nou, mwen Junior Rigolo, mwen kanpe tout kolaborasyon ak Guy Wewe Radio a », se sa la ekri. Kolaborasyon ant 2 animatè popilè sa yo kanpe, aprè 2 derapaj ki fèt nan yon show yo fè ansanm, sou platfòm Guy Wewe Radio A. Premye derapaj la gen pou wè ak yon kòmantè Junior Rigolo fè sou yon konfli ki egziste ant Guy Wewe ak Dadou, animatè emisyon Diyosa show. Dezyèm nan se yon blag Rigolo fè nan show a, Guy pa dakò, epi reyaji yon fason ki pa fè Rigolo plezi | LSV
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter l'entreprise
Téléphone
Adresse
Port-au-Prince