Donson14
10/06/2026
🚨 Mwen menm mwen wè a se mwen sa m ap devni😂🚨
Mwen konprann li an anglè menm pa jwenn tradiksyon kreyòl ki gen menm dousè a. Kite m di li an anglè: “The me I see is the me I become.” Reflechi sou sa pandan kèk segonn😎
Pifò moun panse desizyon yo ap dirije lavi yo. Men an reyalite, se imaj yo genyen de tèt yo ki ap dirije desizyon sa yo.
Si nan fon tèt ou ou wè tèt ou kòm yon moun ki fèt pou echwe, w ap jwenn yon fason pou echwe.
Si w wè tèt ou kòm yon moun ki fèt pou reyisi, w ap jwenn yon fason pou reyisi.
Paske moun toujou aji ann amoni ak moun yo kwè yo ye.
Men kesyon ki pi enpòtan an se:
👉 Kiyès ki te kreye imaj sa a?
Èske se ou? Oswa se paran w, pwofesè w, zanmi w, katye w, sosyete a?
Gen moun ki pase tout lavi yo ap viv yon pèsonaj yo pa t janm chwazi.
Yon timoun ki grandi ap tande li pa vo anyen souvan fini pa kwè sa. Yon timoun ki grandi nan vyolans souvan vin vyolan san li pa menm rann li kont.
Yon timoun ki grandi ap tande li fèt pou fè gwo bagay souvan devlope konfyans pou fè gwo bagay. Lè sa rive, se pa paske yo te fèt diferan. Se paske yo te bati yon imaj diferan de tèt yo.
Mwen sonje apre m te fin li Père riche, père pauvre, yon nouvo imaj te fòme nan lespri m. Mwen te kòmanse wè tèt mwen kòm yon moun ki t ap viv gras ak pwofi envestisman l yo. Nan epòk la, sa te sanble yon rèv byen lwen. Men lespri a pa fè diferans ant sa ki egziste ak sa li wè regilyèman.
Ane apre ane, desizyon m yo te kòmanse aliyen ak imaj sa a. Jodi a, sa m te wè nan tèt mwen an ap pran fòm nan reyalite. 😎 Mwen ka fè nenpòt moun ak nenpòt kantite lajan kòmanse fè pwofi aprè 30 jou.
Papa m se ansenyan.
Depi m piti, mwen te toujou wè tèt mwen ap transmèt konesans bay lòt moun.
Mwen pa t rann mwen kont sa lè sa a.
Men jodi a, mwen vin ansenyan tou. 😂
Anvan w mande tèt ou poukisa lavi w pa chanje, mande tèt ou: Ki moun mwen wè lè m gade tèt mwen nan lespri m?
Paske demen ou pa kòmanse nan travay ou. Li pa kòmanse nan lajan w.
Li pa kòmanse nan relasyon w.
Li kòmanse nan imaj ou genyen de tèt ou. Ou vle chanje? Chanje imaj ou gen de ou a. Fè sanblan jiskaske w vin sa😎
Mwen se Donson🦋
06/06/2026
🚨Pwoteje w pou moun ou renmen an pa koze pèt ou🚨
Kè m brize anpil fwa. Men w pa bay sa regle pou ou😂 Je sais. Men m abitye ak kè brize tèlman m fini pa abitye. Men gen moun ki brize kè m, se tankou yon astewoyid tonbe sou kè m. Paske…
Gen moun ou wè ki pike w nan do. Ou pa enkyete. Paske w te konnen sa ka rive; moun sa pa enpòtan pou ou. Gen moun ki di w yon koze, epi, paske se yon moun ki konte pou ou, sa fè efè yon bonb nan kè w. Se nivo enpòtans moun nan genyen pou ou ki detèmine nivo blesi w. Se poutèt sa w dwe pwoteje kè w kont moun ki konte plis pou ou yo.
Jodi a, mwen p ap oblije w fè sa m pral di w la. Paske tolerans nou ak doulè pa menm, nivo konpreyansyon nou pa menm, e nou pa gen menm filozofi lavi. Sa fè w pa oblije aplike sa m pral di a si sa pa fè w plis mal lè se moun ou renmen plis la ki trayi w.
Mwen pa atache ak moun depi yo pa nan vi m. Moun pa manke m lè yo lwen; mwen bliye yo, literalman. Men, lè yo la, mwen akwo ak prezans yo. Gen moun ki tèlman konte pou mwen, sa efreye m. Paske m pè imajine yon mond kote moun sa yo pa egziste. Moun sa yo mèt lwen m, mwen toujou konekte ak yo.
Yon jou, gen yon moun ki konte anpil pou mwen ki trayi m. Pa nenpòt moun. Se youn nan 2 moun sou latè mwen ta mouri pou yo san ezitasyon. Se yon moun mwen renmen tèlman, sa depase m. Poutan, sa pa t anpeche m resevwa yon kout kouto an plen kè nan men li. Mwen abitye ak trayizon zanmi, men la a se te yon lòt nivo doulè. Yon doulè ou santi nan yon pati ou pa menm konnen ou genyen nan kò w.
Depi lè sa a, mwen remake m ap pwoteje tèt mwen kont moun ki konte plis pou mwen yo, paske mwen konnen se yo menm ki ka blese m plis. Se posib pou se yon mekanis defans. Èske m dwe al wè yon sikològ😎
Gen moun mwen wè ki trayi m, mwen souri. Gen moun ki trayi m, mwen menm felisite yo. Mwen pa blese. Mwen geri vit. Poutan, gen moun ki fè m yon bagay tou piti, epi sa kite yon gwo blesi andedan mwen ki pa janm fèmen.
Se poutèt sa lonton mwen te konn kouri lwen moun ki konte pou mwen yo. Paske mwen konnen imen pa bay sa yo genyen enpòtans; yo twò fokis sou sa yo pa genyen. Moun nan blese w paske l konn ou p ap ale, ou ap toujou la, toujou padone l. Malgre tou sa, mwen pran swen yo a distans lè sa konte. Pou mwen, moun ki konte vrèman yo se talon Achil mwen.
Kijan m pwoteje m?
Mwen sispann espere imen konpòte l tankou zanj😎
Paske koulya, mwen pa konn sa ki pase, mwen sispann viv ak pè sa andedan m. Mwen vin sispann atann twòp de moun ki konte anpil pou mwen yo. Sa bay relasyon yo yon nivo m pat espere. Mwen jis fòse yo antre nan mas la paske m te anjelize yo twòp. Lè w sispann pè pèdi yon bagay, se lè sa w genyen l. Mwen konn gen moun depi yo santi yo kòmanse damou, yo fui. Ou dwe aprann ale jiskobou paske aksepte genyen yon moun se aksepte pèdi moun sa. Imajine yon moun ki te konnen w pè pèdi l reyalize w vrèman pa pè pèdi l ankò😂
(Mwen t ap renmen gen plis tan m ekri post sa😫 )
Wi sa toujou fè m mal lè se moun ki konte pou mwen ki blese m. Menm konprann se mal ki fè byen gen valè😎
Sante. 🥂
Mwen se Donson💡
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Limonade