Le Blog Des Fans Real Madrid

Le Blog Des Fans Real Madrid

Partager

Ici, nous partageons des contenus authentiques, inspirants et valorisant les talents.

19/06/2026

🇭🇹⚽ Carlo Ancelotti salye kalite ekip Ayiti a avan match la

Nan yon deklarasyon ki montre anpil respè pou Grenadye yo, antrenè Brezil la, Carlo Ancelotti, fè lwanj pou ekip nasyonal Ayiti a anvan rankont la.

🗣️ "Ayiti montre anpil kalite fizik, yo byen òganize, yo ekilibre, yo jwe yon sistèm ki klè, yo jwe bon foutbòl. Se yon ekip nou dwe respekte menm jan ak tout lòt ekip yo."

Pawòl sa yo soti nan youn nan pi gwo antrenè nan listwa foutbòl la e yo montre pwogrè ekip ayisyen an ap fè sou sèn entènasyonal la. Malgre Brezil rete youn nan favori Koup di Mond 2026 la, Ancelotti pa souzestime kapasite Grenadye yo.

Match ant Brezil ak Ayiti a pwomèt anpil emosyon, pandan Ayiti ap chèche kreye sipriz devan youn nan pi gwo nasyon foutbòl yo.

✍️ Blog'Fans Actu
📰 Paske fanatik yo merite pi bon enfòmasyon an.

19/06/2026

⚽ Tori Penso fè listwa nan Koup di Mond 2026 la

Tori Penso, ki te abit prensipal match ant Repiblik Tchèk ak Lafrik di Sid, antre nan listwa foutbòl mondyal la. Abit ameriken an, deja make mond abitaj la ak plizyè reyalizasyon enpòtan, ni nan foutbòl fanm ni nan foutbòl gason.

📅 18 jen 2026, Tori Penso vin premye fanm ameriken epi dezyèm fanm nan listwa, apre Stéphanie Frappart an 2022, ki dirije kòm abit prensipal yon match nan Koup di Mond gason FIFA a.

Reyalizasyon sa a reprezante yon gwo etap pou fanm nan mond foutbòl la epi li montre jan plas yo ap grandi nan pi gwo konpetisyon entènasyonal yo.

🌍⚽ Yon nouvo paj ekri nan istwa Koup di Mond la!

19/06/2026

𝑩𝒍𝒐𝒈'𝑭𝒂𝒏𝒔 𝑨𝒄𝒕𝒖

⚽🇭🇹 Sébastien Migné : « Tout kòmantè sou sistèm nan se kòmantè ki ba nivo »

Nan yon deklarasyon ki pa pase inapèsi, seleksyonè ekip nasyonal Ayiti a, Sébastien Migné, te reyaji sou divès kritik ki ap fèt sou sistèm seleksyon nasyona la.

🗣️ « Tout kòmantè sou sistèm nan se kòmantè ki ba nivo. Nou rete konsantre sou sa nou konn fè ak objektif nou genyen. Apre sa, n ap kite tout fanatik yo fè kòmantè. »

Ak pawòl sa yo, teknisyen fransè a montre li pa vle antre nan polemik sou chwa taktik li yo. Pou li, sa ki pi enpòtan se travay ekip la ap fè sou teren an ak objektif li fikse pou mennen Grenadye yo pi lwen nan konpetisyon an.

Deklarasyon an deja ap fè anpil pale sou rezo sosyal yo, kote kèk fanatik dakò ak pozisyon an, pandan lòt yo estime kritik yo fè pati lavi yon ekip nasyonal.

Yon bagay ki sèten, Sébastien Migné rete konsantre sou rezilta yo ak sou avni ekip Ayiti a.

Kesyon pou nou " Ak ki fomasyon ou tap jwe fas Brezil siw t seleksyonè ekip la ? "

✍️ Blog'Fans Actu
📰 Enfòmasyon, analiz ak pasyon pou espò a.

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Les Cayes ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Adresse

Les Cayes
HT8110