MTPTC

MTPTC

Partager

09/06/2026

Direksyon Travo Piblik Transpò ak kominikasyon Depatmantal Grandans lan Kesnel Paris , te Chita pale ak Majistra komin Chanbelan , Dammari, Ansdeno ak iWA gras ak program ”FER” lan pou amenajman ki pral fèt nan Aks Wout sila.

Photos from MTPTC's post 05/06/2026

Minis Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon nan peyi Dayiti Enjenyè Joseph Almathe Pierre Louis Bay Benediksyon ak Direktè MTPTC Grandans lan Enjenyè Kesnel Paris poul te rankontre ak Majistra Chambelan, Dame Marie ak Ansdeno avan demaraj amelyorasyon wout ki soti Chambelan pou rive Ansdeno Jodi Jedi 4 Jen 2026 lan nan Otèl vil dammari a , gras ak Pwogram ” Fer ” an Komin sila yo pral jwenn yon bon amelyorasyon sou wout lan .

Photos from MTPTC's post 03/06/2026

Jan Minis MTPTC a , Enjenyè Almathe Pierre Louis te anonsel, Direktè depatmantal Grandans lan Enjenyè Kesnel Paris deja deplwaye Kèk materyèl pou demare amelyorasyon wout Chambelan, misyon Nou pap chanje .

03/06/2026

Marfranc, Chambellan, Moron, Dammari rete sou Stanbay Pasyans

29/05/2026

Flash : DDS /Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon.
ap fè tout moun konnen twonson Wout Okay ak Tòbek la ki mezire 10.58 km Wout la ap fèt , nou nan faz enplantasyon, nan yon ti tan ki pa twò lwen n'ap rive wè Travay yo komanse,gen 5 dalo ki gen pou konstwi sou wout la, konpayi ki reskonsab pou Travay dalo ak kanivo yo deja mete Tablo afichaj yo sou wout la sou zòn kòlet.konpayi SD konstriksyon ki gen reskonsablite wout la deja gen Materyel li ki la,Tankou bako ak grader,Pèl ak kamyon pou nou site sa yo selman, fok nou di ou Travay Enplantasyon yo se yon nesesite yo dwe fèt.Pran yon ti pasyans paske nou konnen ou vle wout la fèt ,l'ap fèt men fok nou ba ou yon Travay de kalite. DDS / Ministè Travo Piblik Transpò ak Kominikasyon.konte sou konpreyansyon chak moun ki frekante wout la, deja Mèsi.

Photos from MTPTC's post 29/05/2026

Travay yo pap kanpe tout kote ap jwenn , Direksyon MTPTC Grandans lan revouvle angajman li bò kote kominote Grandanslèz lan , moun Mò’n Madan kal nan komin Wozo bat bravo pou travay ING Kesnel Paris kise Direktè Bwat lan fè gras ak pwogram “ FER “ lan pou Travay ki fèt nan wout sila , ou menm ki prale Leyon , ou ka itilize wout bwasèk ki debouche sou Granvensan,Reno,chirak ak Vodrog anpil travay fèt nan wout sila la , gen ouvèti kifèt , wout lan amenaje , machin ki konn pote provizyon pou madan Sara yo lap pifasil pou Nou pase pa chemen sila , pran ti pasyans moun Leyon travay la poko fini .

Travay la pap kanpe nap vin pi prew de jou Anjou.

Ann gade an imaj foto travay ki fèt sou wout Granvensan pou rive bwasèk👇🏿🍾

27/05/2026

Direksyon an toujou kenbe angajmanl poul toujou pi pre popilasyon an , moun Bonbon renmen travay ki fèt sou wout la avan premye Jen an rive , gen nan yo ki Mande pou travay la rive pi lwen toujou sitou Anzi klè .

Photos from MTPTC's post 26/05/2026

Direksyon depatmantal Travo Piblik Grandans lan ki gen nan tèt li ING Kesnel Paris , lanse kanpay travay Amenajman plizyè tronson wout nan komin jeremi pou rive nan komin Bonbon.

plizyè debouche fèt paroty pou rive nimewo2 , wout ravinsab pou rive bonbon an gen anpil aranjman kifèt ladan , Ann gade an imaj Kòman wout Ravinsab pou rive Bonbon an ye 👇🏿👇🏿

Photos from MTPTC's post 26/05/2026

MTPTC AP fè yon pèse ki pral pèmèt machin, moto... rive lan biwo leta ki Chato yo pi fasil.

Vous voulez que votre entreprise soit Enterprise D'aménagement Intérieur la plus cotée à Jeremie ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Site Web

Adresse

Château
Jeremie