Raquette Event

Raquette Event

Partager

17/07/2026

Jakmèl : Alberne Begin ( jenn gason 35 lane ) mouri apre l fin resevwa yon kout kouto nan men mennaj li Carmelle suit a yon diskisyon antre yo , dapre sa kek moun nan zòn nan rapòte . Sa pase nan zòn anba zoranje Jakmèl lannuit 16 -17 jiyè 2026 la . Se te anivesè Carmelle 16 jiyè a .

15/07/2026
Photos from Raquette Event's post 15/07/2026

Ki kote sa nan Haïti ? Siw son bon ayisyen viv dekri chak foto sa yo

15/07/2026

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=1617376803724455&id=100063564517748

Desizyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Ekonomi ak Finans Serge Gabriel Collin pou ranvwaye aplikasyon dispozisyon fiskal yo pa reponn ak vrè pwoblèm anplwaye leta yo.

Pandan pri manje, transpò, lwaye ak lòt sèvis kontinye monte, salè anpil fonksyonè rete menm jan. Anpil travayè estime pouvwa acha yo kontinye bese akoz enflasyon ak ogmantasyon pri lavi.

Olye pou gouvènman an konsantre sou amelyore kondisyon ekonomik anplwaye yo, desizyon ki anonse nan avi administratif 14 jiyè 2026 la deja kreye enkyetid nan mitan plizyè sektè.

Nou mande Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Ekonomi ak Finans Serge Gabriel Collin pou yo revize desizyon sa a epi louvri yon dyalòg serye ak reprezantan anplwaye leta yo.

Nou mande tou pou Leta etidye yon ogmantasyon salè 50% pou anplwaye piblik yo, pou ede konpanse efè lavi chè ak enflasyon. Yon mezi konsa ta dwe baze sou kapasite finans Leta ak yon analiz ekonomik solid.

Si gouvènman an pa ouvri yon dyalòg epi li pa reponn ak revandikasyon anplwaye yo, sa ka mennen nan mobilizasyon sendikal, manifestasyon oswa lòt fòm aksyon legal ki kapab afekte fonksyònman enstitisyon piblik yo.

Leta gen responsablite pou pwoteje sèvis piblik yo, men li gen responsablite tou pou garanti yon salè ki pèmèt anplwaye yo viv ak diyite. Dyalòg rete pi bon chimen pou evite yon kriz sosyal epi jwenn yon solisyon ki respekte enterè travayè yo ak kapasite peyi a.

14/07/2026

Poukisa salè minimun ogmante salè anplwaye leta yo pa ogmante ?

MEF deside ranvwaye aplikasyon yon mezi taks ki te dwe kòmanse touswit. Mezi sa a se retire 15% taks sou kèk kalite revni, jan Atik 3 nan bidjè rektifikatif 2025-2026 la te prevwa.

Olye mezi a antre an aplikasyon kounye a, li ranvwaye pou 1ye oktòb 2026.

Sa vle di, jiska 30 septanm 2026:
• Anplwayè yo pa dwe kòmanse retire nouvo 15% sa a sou revni ki konsène yo.
• Travayè yo pap sibi nouvo dediksyon sa a pandan peryòd sa a.

Dapre avi a, gouvènman an pran desizyon sa a paske li bezwen fè kèk ajisteman teknik sou fason yo pral kalkile taks sou revni moun. Yo vle mete yon sistèm ki pi klè ak pi ekitab.

Kalite revni ki konsène yo gen ladan:
• Prim.
• Frè fiks.
• Alokasyon.
• Gratifikasyon oswa etrèn.
• Endemnizasyon pou konje ki pa pran.
• Lè siplemantè.

Avi a antre an vigè depi jou li pibliye a.

12/07/2026

🇧🇪 DÈNYE ENFÒMASYON: Daprè plizyè
enfòmasyon k ap sikile depi kèk èdtan,
Jérémy Doku ta sou wout pou l divòse ak madanm li, Shireen.

Daprè kèk rimè, yon tès ADN ta montre atakan Manchester City a pa ta papa biyolojik tibebe gason yo a, Praise.

Pou rapèl, pandan Koup di Mond lan, Doku te kite tanporèman rasanbleman ekip nasyonal Bèljik la pou l te ale Lond asiste nesans pitit li. Daprè enfòmasyon yo, se apre sa li ta resevwa rezilta tès ADN nan, yon revelasyon ki ta afekte l anpil.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, pwosedi legal pou divòs la ta deja kòmanse.

11/07/2026

Klè

11/07/2026

Le marché de la location à Jacmel mérite une meilleure régulation

Depuis plusieurs années, le prix des maisons mises en location à Jacmel connaît une hausse importante. Dans de nombreux quartiers, les loyers sont désormais fixés en dollars américains, sans tenir compte du niveau de vie de la majorité des habitants. Cette situation rend l’accès au logement de plus en plus difficile pour de nombreuses familles.

Le développement d’une zone peut justifier une évolution des loyers. Cependant, les augmentations devraient reposer sur des critères objectifs, comme les infrastructures disponibles, l’accès aux services publics, la sécurité, l’état des routes et les investissements réalisés dans le quartier. Les prix ne devraient pas être déterminés uniquement par le marché ou par la demande.

La mairie de Jacmel pourrait jouer un rôle plus actif en mettant en place un cadre de référence pour les loyers. L’objectif ne serait pas d’empêcher les propriétaires de rentabiliser leurs biens, mais d’établir des fourchettes de prix adaptées à chaque zone, en fonction de son niveau de développement et de ses caractéristiques.

Une telle mesure pourrait apporter plus de transparence entre propriétaires et locataires, réduire les abus éventuels et favoriser un marché locatif plus équilibré. Elle pourrait également contribuer à maintenir l’accès au logement pour les résidents de Jacmel tout en offrant une meilleure prévisibilité aux investisseurs.

Le logement est un besoin essentiel. Un système de fixation des loyers fondé sur des critères clairs et publics pourrait constituer une étape vers un marché plus juste, où les intérêts des propriétaires et ceux des locataires sont mieux conciliés.

Ing André Dupuy Andre Dupuy

08/07/2026

Ki ri sa ?
Dim ki Baz ki t la 🎶

03/07/2026

Depim piti Map monte kap vè

Vous voulez que votre entreprise soit Service De Planification D'événements la plus cotée à Jacmel ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse

Bloc Raquette
Jacmel
HT9111