The Video Game
Nou ekri jodya pou nou di mesi ak tout moun ki renmen paj sa'a, ki komante oubyen ki pataje li. Nou voye anpil bizou pou medam yo, anpil Papach pou mesye yo. Mesi...
Mwen vle ekri poum di nou pa sispann jwe. Jwe nenpot jwet ki ka ede nou detann nou. tout jwet ki ka ede nou libere stres lakay nou. Jwe pou nou ranfose lyen ak zanmi nou, lyen ak fanmi nou. Jwe pou nou ranfose relasyon nou. Jwe pou nou ka santi nou pi vivan...! Ri pou nou ka ede lot moun viv kote nou ye. yon souri ki pataje vo anpil.
Ann jwe pou nou ka amize tet nou epi amize lot moun ki nan antouraj nou...! Jwe nou ka reviv tout bon moman ki pase. Jwe pou nou ka rejwenn anfans nou ke stres ak pwoblem fin pote ale. Jwe pou nou ka fe fas ak eksperyans lavi...!
Menm jan nou pa anvi sispann fe eksperyans ak lavi. pa sispann jwe. pa sispann ri, a chak fwa, nou ri, nou briye pou yon bann lot moun ke nou inyore prezans yo men ki viv de ou...!
MEN PWOBLEM!!!
Anpil otorite nan vil ench, pa vle tande pale de “Jeu Video”. yo di se jwet aza li ye. Moun nou pa ta menm panse wi kap di sa… ! Paske pitit yo peye :
• 10 goud pou yo fe 20 minit ap jwe
• 25 goud pou yo fe 60 minit ap jwe.
Yo twouve se mal. Yo twouve se pa byen. Avan mwen pale plis sou sa, banm fè yon ti analiz pou nou wè sa moun yo rele AZA’a.
MATERYEL PRI AN GOUD
Consol Playstation 2 4000
TV / Flat Screen 19" ($ 250 US) 17000
Manette (Unite) 1000
CD Playstation 2 1000
Cle USB 750
Carte Mémoire PS2 1000
1 Gallon gaz (Faute d’electricite) 225
Total 24,975
San nou pa evalye enstalasyon pou espas la tankou, chez, ban ak tab pou li ka jwenn yon konfò minimum, chak moun ki vin jwe avèk nou gen nan men li, pou pi piti, 24,975 goud en byen materyèl.
Se anpil Onè nou fè pitit chak moun ki vin jwe avek nou.
Jwèt ede timoun yo reaktif. Li pèmèt yo gen anpil kapasite pou yo swiv yon ideal, yon objektif. Li pemet yo, malgre laj yo, planifye yon bon system atak ou yon bon system defans. Li ede sevo yo devlope byen, li pemet yo mete yo an konpetisyon ak lot timoun ki pi fo. Li fe yo gen konfyans nan tet yo.
Sa nou rele AZA’a, se sa anpil nan yo te konn jwe lontan’an. Teke mab nan ronn pou lajan, Teke nwa nan wonn, Voye elastik, jwe pike kole etc… Se pa ak yon manet yo jwe aza Otoritem yo.
Mwen di tout moun zanmi Facebook yo, yon bel bonjou maten an. Mwen espere ou pase yon bon jounen pandan map renouvle demand mwen an yon lot fwa anko. Ede nou jwenn Manette Playstation 2 achte! Si ou genyen pou vann oubyen ou konn yon moun ki genyen, mande li komante paj sa'a pou nou ka rantre an kontak avek li.
Merci
Nou solisite apwi tout moun, sou paj sa'a. Nou se yon Salle de jeu ki itilize Playstation 2, Xbox, game Cube etc...! Nou gen anpil difikilte pou nou jwenn manet achte. Oumenm ki genyen kontakte nou, oubyen mete nou an kontak ak yon moun ki genyen. Mesi
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Téléphone
Site Web
Adresse
Hinche
509