Bon zanmi
08/10/2024
Anpil ayisyen tansyon jete yo , pwòch konn pè manyen yo olye yo mennen yo lopital, yo panse yap paralize yo si yo manyen yon pati nan kò yi poutan pa gen okenn rapò o kontrè se tan yap pèdi an ki ka fè gen plis dega nan sèvo an ki konn fè yo paralize, pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans sou sa paske son bagay nou grandi ap tande
Avan nou ale pi lwen map di si ou menm oubyen paranw konn gen dèyè kou rèd se ka pwoblèm tansyon avanl pi mal chèche wè doktè
siw ta renmen konsilte yon medsen, fè ekzakmen e menm tretel, ou ka rantre an kontak avèk nou
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
Ou ka rele nou dirèk dirèk sou +50942338125
Lè tansyon jete yon moun se sak rele stwòk la oubyen AVC(Accident cerebral vasculaire) se lè veso kap pote san pou sevo an swa pete oubyen bouche ,tansyon an konn tèlman wo li pete veso kap pot san pou sèvo an, pati ki paka jwenn san nan sèvo an antre an soufrans
e ki pral gen anpil konsekans, tankou paralize moun nan ,fonn konnen sèvo an gen 2 pati si se bò goch la ki touche moun nan ap paralize nan pati dwat li. Si se dwat la ki touche se goch la ki prale, paske se bò dwat sèvo an ki kontwole bò goch nou. E bò goch la kontwole bò dwat la...stwòk ka moun nan antre an koma, oubyen konn touye moun nan
Gen moun ki konn gen tansyon 20/12 yo pa gen anyen paske pa gen okenn òga'n ki atenn se sa yo rele pouse ipètansiv, poutan gen moun ak yon tansyon 18/11 yo òga'n yo konn touche, yo konn gen tout pwoblèm la son ijans ipètansiv e se moun sa yo konn viktim de stwòk
Moun ki gen plis risk pou tansyon jete yo se:
-plis moun nan antre an laj plis risk la fò paske veso kap pote san vin rèd avèk laj
-moun ki te gen fanmi ki te viktim de tansyon
-yo plis jwenn li lakay nwa , blan yo yo menm tansyon plis fè yo fè kriz kadyak
-moun ki fè maladi s*k
-Moun ki bwè alkòl anpil
-moun ki fimen anpil
-moun ki gwo
-moun ki manje sèl anpil
-moun kap pran konprime planin san kontwòl
Moun tansyon jete an konn santi kèk siy a sentom oubyen kèk endis ki ka diw son tansyon ki jetel tankou:
-gwo tèt fè mal
-endispoze
-kriz
-li konn santi yon bòl ale
-li ka ajite
-li konn gen kè plen,oubyen vòmi
-li konn ap depale
Konsekans lan:
- li konn paralize yon bò moun nan lèl leve , se nan terapi yo konn voye moun sa yo pou rejwenn bò an
-moun sa yo konn paka pale lè yo leve,oubyen li paka pale klè
-moun nan konn vin pa wè nan yon je
-yo konn pèdi konesans e antre an koman
- li ka touye moun nan , anpil ayisyen mouri de sa
Yon moun tansyon jete ka rive li refè yon stwòk ankò sil pa veye e respekte mezi prevansyon m pral bay yo
Konplikasyon yo se ke :
-moun sa yo malnouri e dezidrate
-poumon yo konn enfekte paske yo konn pèdi kèk reflèks gen
map di si ou menm oubyen paranw konn gen dèyè kou rèd se ka pwoblèm tansyon avanl pi mal chèche wè doktè
siw ta renmen konsilte yon medsen, fè ekzakmen e menm tretel, ou ka rantre an kontak avèk nou
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
Ou ka rele nou dirèk dirèk sou 42 33 8125
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.
Type
Contacter la personnalité publique
Téléphone
Site Web
Adresse
Delmas
HT6120