Sewom Enfo

Sewom Enfo

Partager

12/02/2023

Men ki chimen gaz la pase pou rive nan ponp yo.

Terminal Varreux " a Ponp yo: Ann gade Ansanm Pakou Gaz la, yon fason poun pi byen konprann wòl chak moun nan chèn nan

Pou evite tip de erè sa yo de kèk medya ki malerezman twonpe yo de bòn fwa, n'ap raple, selon sa nou gen kòm enfòmasyon, ke BMPAD pagen anyen pou wè nan kesyon Enpòtasyon ak komèsyalizasyon gaz ankò depi desanm 2021. Depi lè sa, se yon estrikti nan sektè prive a ki rele APPE(Association des Professionels du Pétrole) ki jerel de kesyon acha ak komèsyalizasyon tout sak gen pou wè ak pwodwi petwolye nan peyi a.

*Yon ti ide sou pakou gaz la*
*1-* Mesyedam APPE yo, se yo ki dirèkteman fè kòmand gaz yo.

*2-* Pou evite ke yo achte gaz de movèz kalite, BMPAD nan lojik pou pwoteje enterè konsomatè yo fè yon kontwòl de kalite sou pwodywi yo. Anplis de sa, li jerel tou de apèl dòf sou "Premium" yo, savle di li dwe asirel se konpayi ki egzije pipiti santim pa galon pou transpòte gaz la se li ki jwenn li, toujou nan menm optik pou pwoteje enterè sitwayen yo. Yon travay ke BMPAD erezman fè.

*3-* Lè gaz la fin rive nan Tèminal Varreux oubyen Thor, yo fè distribisyon an bay kamyon pou al alimante ponp yo.

*4-* Lè gaz la rive nan ponp yo, se Ministè Finans atravè yon antite ki rele "Structure des prix ki twouvel andedan DIF(Direction d'Inspection Ficale) ki fikse pri gaz la dwe vann nan ponp.

*5-* E si pri sa yo pata respekte nan ponp yo, ou si yo ta deside fè mache nwa ak gaz la... Ministè Komès de konsè ak Komisè Gouvènman yo kise OPJ #1 dwe jwe wòl yo pou yo kontrekare sa paske lwa 20 desanm 1946 sou kesyon mache nwa ak dekrè 25 novanm 2020 sou kesyon entèdiksyon pou vann gaz nan lari ba yo pouvwa pou aji an konsekans.

"Terminal Varreux pa responsab paske li livre gaz la, BMPAD pa responsab paske li jwe wòl li kise kontwole kalite gaz la avanl rantre nan peyi a.

Kounye a parapò a tout konsiderasyon sa yo, meyè moun poun kesyone se ta Ministè Komès ak Komisè Gouvènman yo ki malerezman lèse pwopriyetè estasyon de sèvis yo ap fè lòt wout ak gaz la pou kontinye kreye de rate atifisyèl.

Donk, tout otan nou pibyen poze kesyon yo a veritab moun ki responsab yo, li gen plis chans poun jwenn rezilta. Nan kesyon pwoblèm gaz sa,Tèminal yo ak tout BMPAD pagen anyen pou wè...Men pito APPE ki pou kòmande plis gaz paske se yo ki gen monopòl la pou kouvri atant peyi a ki konsome 1 milyon baril pwodywi petwolye pa mwa, ak Ministè Komès de konsè ak Komisè Gouvènman yo pou evite tout dezòd ki lye a kreye de fo rate ak mache nwa.

Sousss
*Kerline DORVAL*
*Pr KALBAS-INFO24*

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Delmas
Delmas