Ebert Cineus

Ebert Cineus

Partager

01/01/2025

Bòn Fèt Endepandans ak Bòn Ane 2025!

Pèp Ayisyen,

Jodi a, pandan nou make 221 lane endepandans nou, nou leve vwa nou ak kè nou chaje ak respè pou kouraj ak sakrifis zansèt nou yo. Yo te mete lavi yo pou nou te ka viv lib, epi eritaj sa a rete yon sous fòs pou nou chak jou.

Nan mitan tout boulvès ak difikilte nou ap fè fas jodi a, nou sonje nou se yon pèp ki gen rasin nan rezilyans, lanmou, ak espwa. Nou se pitit gason ak pitit fi libète, e nou konnen lè nou ini, pa gen fènwa ki ka chavire limyè nou.

Ke ane 2025 pote pou nou lapè, sekirite, ak rekonsilyasyon. Ke lespwa kontinye klere nan kè nou, epi ke fòs nou pa janm febli. Nou mande pou Bondye pwoteje nou, gide nou, epi ba nou kouraj pou kontinye goumen pou yon demen miyò.

Ann leve tèt nou, ann mete men ansanm pou nou rebati yon Ayiti ki solid, ki fyè, epi ki mache ak diyite. Nou se limyè nan fènwa, nou se vanyan pèp ki toujou leve lè li tonbe.

Bòn Fèt Endepandans ak Bòn Ane 2025!
Avèk lanmou ak lespwa pou demen pi bon.

13/10/2024

Problèm mwen al Bedjine ak K-dilak mizik yo twò monotòn. Se toujou menm bouyon rechofe yo, manke efò, mwen panse se yon nan bagay ki koz konpa a pov konsa lè se mòd prodiksyon sa yo. Lè se baz mizik la se kopi akò sa etranje fin fè a, epi tou se menm bouyon rechofe a li vin aniye pou moun ki gen lanmou pou mizik epi ki konn mizik.

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Type

Téléphone

Site Web

Adresse

Delmas
6120