Wilberson Berger

Wilberson Berger

Partager

06/04/2026

* Politik se yon syans, gen yon jan sa fèt

Nan yon sosyete ki gen anpil injistis ak enegalite , se devwa chak sitwayen pou yo patisipe nan zafè politik . Men se ki politik ? Èske se politik" par moi et pour moi"? Politik ki pa teni kont de rayalite popilasyon an?

Pa bliye , Politik se tout aktivite, ide oubyen aksyon ki gen rapò ak Òganizasyon e jesyon sosyete a. Donk byennèt popilasyon an ta dwe bousòl tout moun kap fè politik . Pa bò isit li pa konsa.

Si nou ta fè yon ti konsiderasyon sou ideyoloji Karl Marx sou politik , dabò nou tap mete enterè kolektif la avan E nou tap refize sistèm ki konsantre richès lan yon ti gwoup moun oubyen yon sèl. Se Sak fè nan ane 1840 Yo nan anpil doliman li ekri ,li te kritike pouvwa anpil . Sa tou ki ta pral abouti « avec la publication du manifeste du parti communiste en 1848 « pou te prone yon lòt politik. Bref

Fè yon bon politik se tande vwa pèp la , se konprann bezwen yo epi aji . Se mete enstitisyon ki pou sèvi popilasyon an . Se ankouraje moun vin Bay ide yo ,travay pou chanjman paske yon sèl moun pa fè chanjman . Se la li mande Fòk moun kap fè politik gen background ase pou mennen nou la.

Mw swete nou konsyan de sa ki ap tann nou nan mwa ou ane kap vini yo . Reflechi avan nou aji paske avni pitit nou ,fanmi nou depan de ou. Batay pou yon lòt modèl politik ,pou yon lòt kominote.

NOU AN 2026 , NOU PAKA AP AJI KÒM SI NOU TE AN 2006.

YON LÒT GENERASYON , YON LÒT KOMIN

WILBERSON BERGER
Économiste /Journaliste

28/03/2026

Ki lidèchip pou komin iwa?

Lèziwa yon komin ki gen anpil potansyèl , men ki ap fè fas ak anpil pwoblèm andemik . Jodia plus que jamais, nou menm iwazyen nou dwe fè prèv" Lucidité " ak ```responsabilité``` " nan chwa nou yo.

Chwazi yon lidè se pa chwazi yon zanmi ,yon pwòch oubyen yon moun ki gen gwo vwa. Men se chwazi yon moun ki gen vizyon , yon lidè ki gen kapasite pou l konprann reyalite modèn ki an fas nou yo e ki kapab defann enterè komin lan nan tout nivo.

Nou bezwen yon lidèchip ki baze sou:
Konpetans: Yon moun ki konnen e kapab jere yon seri problèm konplèks komin lan ap viv ak yo depi lontan. Yon moun ki konn ki pòt l frape pou l rezoud tèl pwoblèm.

Yon moun entèg ki plase enterè kolektif la avan enterè pa l ak gwoup li

Yon moun ki konprann " les en jeux de la modernité " paske mond lan ap evolye

Pou fini , komin lan bezwen yon lidè ki kapab reprezante l nenpòt kote. Yon moun ki ka pale pou defann enterè komin lan.

Lè eleksyon se pa moman pou n kite yo trenen nou "aveuglément " ,men se moman pou n reflechi e chwazi sa kap bon pou kominote nou. Chak vòt se yon desizyon pou avni nou ak tout fanmi n.

Refusons le manipulation, les promesses vides et les décisions inutiles. Levons nous pour exiger un leadership à la hauteur de la commune des irois.

Wilberson Berger
Économiste / Journaliste

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Les Irois
Delmas
HT-6120