Fenyoo Queen

Fenyoo Queen

Partager

18/06/2021

Yon nwit avè'w

"Epizòd # 20"

Ecrit par: Kaira Kira✍✍✍

Facebook: Kaira Kira

Instagram: Kairakiraa

Gaddy: Wap toujou rayim nan?☺

Kò kaira fè chè de pou'l, li vire gade Gaddy..

Kaira: Ou te sovem ☺

Gaddy: Sove Kòman?😚

Kaira: Ou pat kite sa rive, ou te gentan vini..

Gaddy gade'l 😊

Gaddy: M pat konnen'w te konn joure..

Kaira: Joure kibò? Ou te tande?

Gaddy:Nou tout tap tandew lèw te anndan an..

Kaira: M te poukont mwen m konn Isaac ta pral pasem lòd, m kòmanse avan...

Gaddy ap gade'l kap pale li souri☺

💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎

Dania: Poukiw te desann volim nan manmi..

Nissah: M konnen'w te ka fè'l repons..

Dania: M te pale m wè ou genlè pat tande 😀

Nissah: Ou pa tande..

Dania: Tèt madanm lan pa dwat non..

Nissah: Li te vin rakontem yo dil Kaira sove?

Dania: Ayayay sa bèl 😂

Nissah: Tèt li prèske pati janm wè'l la..

Dania: Lap kite deregle, se lajan li te met devan..

Nissah ri😀

🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭🤭

Nadine: Map rele Victor li pa pran apèl mwen, tout moun m sone m paka jwenn yo, oke m konn sa m pral fè demen maten bonè m sove ak kòb la😂😂 hahaha Gina pansel pi fòt pasem, se Nadine mwen rele wi boujwaz la hahaha 😂😂😂

🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮

Gaddy lonje men'l ba li, Kaira aksepte men an li pran men'l li mennen'l sou li...

Gaddy: Ou fèm kriye..

Kaira: Se pat sam te vle tou men..

Gaddy: Dim yon bagay ou pot ko janm dim..

Kaira: M pès dèfwa 😄

Gaddy: M tap tann ou dim sa..

Kaira: Ou te konn sa😆

Gaddy: Wi, li tap difisil pou'w pa ta pès 😄

Kaira: Oh mal dòmi😄🚶‍♀️

Gaddy tonbe ri

Kaira moute kabann nan li kouche Gaddy ap gade'l, li kouche... Gaddy pran yon matla pou'l kouche ak dra...

Kaira: Kote'w pral ak bagay sa yo

Gaddy: M pral kouche..

Kaira pran zòryel la'l jwenn li atè a..

Gaddy: Beb ou paka kouche atè a, dòmi sou kabann nan...
Kaira: Beb vin kouche, sinon map tout nwit la chita kote'w la...

Gaddy: Bby m dwe respekte'w dou, m paka kouche.. nou pap ka dòmi ansanm..

Kaira: Wap Kite'm sipliyew Dad

Gaddy fè yon soupi... Kaira ap gade'l nan je..

Gaddy: Kouche map vini

Kaira: Wap vini vre..

Gaddy: Wi, ou mèt kouche map vini..

Kaira pran zòryel li kouche, Gaddy playe bagay yo, la'l jwenn li nan kabann nan... Gaddy mete l kouche sou ponyèt li, lap admirel Kaira ap souri jis dòmi pran'l, Gaddy rete ap gade'l kap dòmi lap souri... li tonbe nan panse'l jis li di

Gaddy: Ou tèlman inosant Kayou ☺

Li bol nan fwon epi'l dòmi..

NAN DEMEN MATEN

Victor: M kwè m prale wi..

Kira: Ou pat dim ou ta pral jodia non...

Naëlle: Mon oncle
Victor: Nièce chérie
Naëlle: Ou vin la ou pa mande pou mwen
Victor: Ah non non se pa konsa non, m vin la yèswa ou tap dòmi, pou tèt ou ki fèm pat ale..

Naëlle: Se pou'w te vin rele'm, m tap dòmi aprè..

Victor: Non pitit mwen siw te konnen'm la ou pa tap dòmi...

Naëlle: Kote Kaira

Victor: Kaira la chérie, ou manje?

Naëlle: M manje wi, m tèlman bezwen wè Kaira, li pa janm vin wè'm tou😞

Victor: Ah m pa banm figi sa, Kai ap vin wè'w oke..

Naëlle: Ok tonton... Bonjou manman

Kira: Ou mèt ret a tontonw wi..

Naëlle: 😂😂😂 ou Konnen m pa tontonm fasil..

Victor: Kite yo ak jalouzi yo a pitit😂

Kira: Se sak fè nou sanble a wi 🚶‍♀️🚶‍♀️

Naëlle: M genlè pa nan bwat lòt semèn wi😄

Victor: Li pap fè sa😆
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎

Kaira ak Dania fin fè manje yap preparel pou mete'l sou tab la... Gaddy leve li pa wè Kaira li, lè'l gade li wè'l ak Dania li vire..

Bendy: Bonjour

Dania/Kaira: Bonjour
Kaira: Ou pap manje avèk nou

Bendy: Gaddy poko leve, se ansanm nou manje..

Gaddy: Ou mèt chita men mwen 😄

Bendy: Ou jèn maten an wi😂

Gaddy: Ou pa janm pap ranse..

Bendy: Kòmsi m te fè manti..

Gaddy bal yon kalòt nan tèt Bendy ri

Gaddy: Bonjour Dania
Dania: Bonjour

Gaddy pase men'l nan senti Kaira li bol nan cheve'l..

Gaddy: Bonjour Mom, ou te byen dòmi?

Kaira: Bonjour Dad, siw ta konnen 😆

Gaddy souri... Yo chita sou tab la lè Damien ap parèt pou'l vin chita...

Damien: Ou men'm ankò 😚

Dania: Ou fèt akwaf😏

Damien: Ou k zonbifyem..

Tout ap gade pa konprann anyen...

Bendy: Lè zen an fini na fèm sin 😂
Gaddy ak Kaira ap gade yo pa konprann anyen 🤫
ASWIV...

Pa bliye Like👍 comment👇 e 👉pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a👇

13/06/2021

Yon nwit avè'w

"Epizòd #18"

Ecrit par: Kaira Kira ✍✍✍

Facebook: Kaira Kira

Instagram: Kairakiraa

💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎

Isaac sezi 😱

Valentina: Ou satisfè?

Isaac: Ou men'm ak tout nèg ou a fè yon sèl pou touye'm..

Valentina: Sispann pale nan tèt mwen..

Isaac: Kounya se ou k dil kote nou tap vini an..

Valentina: Retire'w sou mwen..

Isaac: Anh se konsa sa ye la? Mwen k te fèw konfyans epi se konsa..

Valentina: Sispannn jape nan tèt mwen non..

👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑

Kaira tap desann desann eskalye ak papa'l, depi nan wout li tande...

Happy birthday to you

Happy birthday to you

Happy birthday to you

Happy birthday to you 👏👏👏

Lap gade papa'l, Victor fè kòm sil pa wè..

Kaira: Oulala lala🤭

Kaira mache rive kote yo a, li kanpe..

Kaira: Mèsi, m renmen jès la, mèsi anpil ☺

Bendy: Ou enpòtan pou nou tout alors Bonne fête

Damien: Ou pap di twòp donk siw enpòtan pou zanmi nou kwèm pou nou se ti boul lò a..

Dania: Ou konn saw reprezante pou mwen chak jou, ti pès mwen, ti sèm, meyè zanmim, tout pou mwen, ou se pi bèl bagay nan lavi'm Kai, ou se kè kontan mwen, bout tristès e lajwam an men'm tan, kidonk sim tap gen pou'm chwazi yon zanmi se ou m tap chwazi... ou fè diferans lan Bonne fête ma chérie

Kaira tonbe kriye 😭😭

Victor: Se pa jodia map diw janm renmen'w, se pa jodia map diw ou se fwi Lanmou'm se pa jodia wap konnen kòman pi enpòtan pou mwen, baz mwen, zanmim, pitit fim, sèl grenn pitit la, tout nanm mwen m renmen'w e Joyeuse Anniverssaire..

Gaddy ap gade Kaira ki kanpe byen timid li prèske kriye..

Gaddy: Lanmou reprezantew e ou reprezante lanmou, si m te ka konte Konbyen etwal ki nan syèl la m te ka diw Konbyen m renmen'w Kai, men m pap bliye diw, ou se etwal ki briye pi plis nan lavi'm, m renmen'w jodia, map renmen'w demen, map renmen'w aprè demen e pou letènite, Bonne fête bby m swete tout sak bon yo pou ou bebe (tou ba) I Love you 😍

Kaira santi'l paka kanpe li lague kòl atè lap kriye, Tout moun yo leve yo pran'l nan bra yo... pou konsolel.

Dania: Pa kriye bb

Yon ti tan aprè yo lague'l

Kaira: M pa wè ki bèl pawòl m te ka anplwaye pou'm di nou mèsi, nou pwouvem ke m gen moun ki renmen'm, nou espesyal pou mwen e yon remèsiman espesyal de tout kèm... Mèsi 😍

Tout moun👏👏👏👏

👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑

Kling Kling Kling

Isaac: Manmi

Gina: Pitit mwen

Isaac: Map rele Nadine li pa janm pran apèl la non..

Gina: Li genlè pa wè sa..

Isaac: Manmi tèt chaje Kaira pa avè'm non..

Gina: Kote'l ale?

Isaac: Kaira sove manmi

VALENTINA: Kòman'l sove a..

Gina: Sove al kibò? Ki bagay sa?

Isaac: M pa konnen manmi, m jis vini m pa wè'l..

Gina: Ebyen sa nou pral di Nadine..

Isaac: M pa konnen non mwen...

Gina: Ebyen fòk nou chache'l wi...

Isaac: Wi wi map gentan 😏

Gina: Ok pitit mwen...

🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮🔮

Gaddy te pran Kaira..

Gaddy: Bbm map prezantew Bendy, Damien zanmim, Bendy, Damien map prezante nou mennaj mwen Kaira mon amour 😊

Damien: An chante Kaira

Kaira: An chante Damien
Bendy ri

Kaira: An chante Bendy

Bendy: M te gen ti boubout, toujou bezwen chaje li lague'm nan wout woyy

Gaddy: Bendy

Kaira pa gen vant pou'l ri

Bendy: Li dim an chante
Gaddy souke tèt li

Bendy: An chante Kayou..

Kaira souri☺

Yo tout ak yon fè, ki gen chanpay sa ki pran diven yap danse💃🕺💃💃💃🕺🕺🕺

👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑👑

Valentina: Poukisa bay manti konsa..

Isaac: Mwen k bay manti a..

Valentina: La Isaac Kaira sove ou pa konn kote'l ale..

Isaac: Ou te vle'm di nan kiyès li ye, Nèg sa yo pap vin touyem nèt non..

Valentina rale malèt li pou'l ale...

Isaac: Kote'w prale?

Valentina: M pral lakay mwen, m pap vin ret la avè'w non..

Isaac: Kòman ou prale a pase boudaw anndan..

Valentina: Ou bezwen yon ti moun wi..

Isaac: Pasew anndan..

Valentina: Ou pa fèm

Isaac pasel yon kalòt, Valentina sezi

Isasc: Saw te konprann, Kaira deja sove n tap vin pèdi kòb mwen an..

Valentina: M pat vin..

Isaac: Pe danw 🤫

Valentina pe bouch li..
👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👒👑👑👑👒👒👒

Dania: Ou pa al remèsye mesye yo paske yo te sovew la..

Kaira: M te fache sou Gaddy

Dania: Al mande padon..

Kaira: Ok boo

Kaira deplase la'l kote mesye yo..

Kaira: M pa konn Konbyen kòb pou'm ta peye nou paske nou, si se pat gras ak nou m pa konn kisam tap devni pou ti bout jounen sa... Mil mèsi

Bendy: Pa enkyete'w Kaira..

Damien: Se nou k pou ta diw mèsi Paske'w chanje zanmi nou an...

Kaira: Mèsi anpil wi

Bendy: Pa gen pwoblèm..

😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😍😍😍😍😍😍😍

Victor: Male cherim m pral kote Kira..

Kaira: Salye matant Kira pou mwen papi..

Victor: Map fè sa cherim

Kaira: Ou pa pral kot manmi an?

Victor: Non, map dòmi kot Kira pito..

Kaira: Dakò papi

Victor anbwase pitit li a li bol epi'l ale..

🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸🍸

Nan chanm Kaira chita sou pwent kabann nan Gaddy kouche sou do.

Kaira: Beb padone'm paske'm te pale konsa avè'w..

Gaddy pa di anyen

Kaira: M konnen m ka pa vle padone'm men m te fache anpil beb, e siw pa padonem tou wap gen rezon..

Gaddy: Ak kondisyon..

Kaira: Ki kondisyon..

Gaddy: Wap fè yon bagay ou pat ko janm fè pou'm Padonew...

Kaira gade'l li souri, epi'l moute chita sou Gaddy ki te kouche sou kabann nan... li pase men'l anba Mayo Gaddy dousman epi'l kòmanse bol nan vant... Gaddy kouri kenbe men'l..

Gaddy: M Padonew bb, pa fè sa? Pa kontinye beb..

Kaira: Ou pa renmen sa?😚

Gaddy: M renmen sa, men jan wap fè'l la ap fè anviw..

Kaira: E?

Gaddy: E kisa beb? Vini pou'm fèw dòmi..

Kaira: Dòmipa nan jem

Gaddy ap gade'l li pa konn sa pou'l di
😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻😻

Kling Kling Kling 📲📲📲

Nadine: Alo

Gina: Isaac tap rele'w ou pa pran apèl la, Tifiw la sove tande..

Nadine: Kisa?😱

ASWIV....

Pa bliye Like comment e pataje pa bliye dim sa nou panse nan komantè a

Mwen renmen nou anpil guys 😍😍😍❤❤❤❤😻😻😻❤❤❤❤

Vous voulez que votre entreprise soit Salon De Beauté la plus cotée à Cayes ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Site Web

Adresse

Cayes