Mike Bellot
Mike BELLOT
Mike Bellot, est originaire de Cap-Haïtien, Haïti. il est titulaire d'un baccalauréat en politique internationale et en économie, d'une maîtrise en commerce et gestion (commerce international) de l'université de Tamkang, à Taïwan, d'un certificat d'études supérieures en gestion des PME de l'université Ritsumeikan du Japon et d'un certificat d'études supérieures en leadership communauta
15/12/2025
Premye sesyon mwen nan Harvard — fini. 🎓
Mwen rekonesan pou konesans mwen resevwa yo, pou nouvo vizyon an, epi pou responsablite sa mete sou zepòl mwen.
Kounye a, li lè pou mwen retounen a plen tan nan Kaw Academy pou yon ti tan, nan wòl mwen kòm CEO, ak plis klète , plis disiplin, epi plis detèminasyon.
Mwen di mèsi Bondye pou lasante, pou fòs, epi paske Li kontinye klere chemen an pou mwen chak jou.
Mwen vle di yon gwo mèsi ak ekip ekstraòdinè mwen an , ekip ki te kenbe misyon an vivan, ki te kontinye travay ak detèminasyon, e ki te pote rezilta menm lè mwen te absan. Travay nou ap fè a gen anpil valè, e mwen fyè de nou.
Vwayaj sa a pa sèlman pou yon diplòm.
Li sou bati sistèm ki solid, louvri pòt opòtinite, epi montre ke edikasyon ak lidèchip wo nivo ka fèt ak misyon, vizyon, ak enpak.
Mpat janm panse ke se nan Nivo sa yo te rayi nou !
Yon zanmi sot voye yon lyen pou mwen maten an ki mennen m sou yon atik yo te pibliye sou mwen ak Kaw Academy ssou youn nan pi gwo aplikasyon nouvèl nan Etazini, yon platfòm ki gen plis pase 50 milyon moun. NewsBreak App
Lè m rive nan seksyon kòmantè yo ke pou majorite etranje fè … mwen te sezi.
pou kantite rayisman (Hate) mwen te li.
Yon rayisman ki pa gen anyen pou wè ak travay n ap fè a… men sèlman ak yon sèl bagay:
mwen se Ayisyen.
Gen moun k ap mande pou nou retounen lakay nou, k ap mande depòtasyon, k ap akize mwen de rasis, epi menm di ke se lajan taks yo ki finanse Kaw Academy…
alòske realite a konplètman diferan.
Sa banm tet femal !
Se pa hate speech la men de naratif ke etranje gen sou kominote nou an.
Nan mitan tout kòmantè sa yo, te gen anpil moun ki kanpe pou nou, ki pran defans nou, ki konprann misyon an, ki wè valè a, ki konprann enpak edikasyon an
Kilè nap fè peyi an pou moun sispann pouse do nou tout kote nou pase?
mwen mete lyen atik la nan komante an nou ka ale gade komantè yo
17/11/2025
Join us at MIT walker memorial
December 13 at 11Am
Haiti 2035: Reimagining the future Haitian education system
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.