24heures.ht

24heures.ht

Compartir

02/06/2026

Minis Defans Ayiti a, Mario Andrésol, te resevwa Chajé d’Afè Ajantin an, Pablo André Graziano, nan yon reyinyon travay ki te fèt lendi 1ye jen an. Ajantin konfime li pare pou resevwa jèn Ayisyen nan akademi militè li yo (lame, marin ak avyasyon) pou ede fòme nouvo kad FAd’H yo.

Pandan rankont la, de pati yo te diskite sou ranfòsman kapasite Fòs Ame d Ayiti yo, amelyorasyon koperasyon sekirite rejyonal, epi nesesite pou pi bon kowòdinasyon ant FAd’H, PNH ak fòs espesyal k ap konbat gang yo.

Otorite yo fè konnen objektif la se bati enstitisyon sekirite ki pi solid pou ede retabli estabilite nan peyi a epi ranfòse sekirite nan rejyon an

01/06/2026

Nan yon atik espesyal, CNN mete an limyè ekstraòdinè retou Ayiti sou pi gwo sèn foutbòl mondyal la apre 52 ane absans. Dènye fwa Grenadye yo te patisipe nan yon Koup di Mond se te an 1974 nan Almay de Lwès. Jodi a, yon nouvo jenerasyon jwè ekri yon nouvo paj nan listwa espò ayisyen an.

Malgre defi sekirite, vyolans gang ak difikilte ekonomik peyi a ap travèse, kalifikasyon sa a vin tounen yon sous fyète, espwa ak inite pou tout pèp ayisyen an, kit yo lakay yo oswa nan dyaspora a. CNN souliye jan siksè sa a depase kad espò a pou li vin tounen yon senbòl rezistans ak detèminasyon yon nasyon ki pa janm sispann kwè nan lavni li.

Atik la mete aksan sou sitiyasyon espesyal Woodensky Pierre, sèl jwè ekip nasyonal la ki ap viv epi jwe an Ayiti, pandan li t ap tann viza li pou rantre Ozetazini ansanm ak rès delegasyon an. Istwa li reprezante kouraj ak sakrifis anpil jèn ayisyen ki kontinye reve malgre tout obstak yo.

Pou Mondyal 2026 la, Ayiti pral evolye nan Gwoup C ansanm ak Brezil, Ekòs ak Mawòk, gwoup sa yo relel “ de la Mort”.Menmsi anpil analis pa konsidere Grenadye yo kòm favori, yo rekonèt ekip la gen vitès, disiplin ak kapasite pou kreye gwo sipriz devan tout mond lan.

Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la se pa sèlman yon viktwa foutbòl; se yon viktwa pou tout yon pèp. Se prèv ke menm nan moman ki pi difisil yo, Ayiti kapab toujou leve tèt li byen wo epi fè drapo ble ak wouj la flote avèk fyète sou sèn entènasyonal la. 🇭🇹
Déjà tout ayisyen prè pou mete drapo Haïti 🇭🇹 byen wo nan gwo evenman sa.
Grenadye alaso!

¿Quieres que tu figura pública sea el Figura Pública mas cotizado en Santiago?
Haga clic aquí para reclamar su Entrada Patrocinada.

Página web

Dirección


Santiago
3000000